Louiziana: yo dekouvwi kadav Fondatè Muze Istwa Nwa-Ameriken an dèyè trunk machinn li

0 496

LOUIZIANA, BATO-WOUJ__(TRiboLAND) Vandredi apwè midi otorite nan Louiziana rapòte ke yo dekouvwi kadav Fondatè Muze Istwa Nwa-Ameriken ki nan Louiziana dèyè trunk machinn li, nan Baton Wouj.

Dapwè Sèjan L’Jean McKneely, jiska prezan yo poko ka detèmine koz lanmò-a. Sepandan, “detektif nou yo ap fè bwas pou identify koupab yo e tradwi yo devan Lajistis pou mò wonte sa”, dapwè deklarasyon Depatman Lapolis Baton Wouj sou Facebook ayè Samdi-a.

Ms. Sadie Roberts-Joseph ki te aje 75 lane, te fonde Odell S. Williams Now and Then African American History Museum nan ane 2001, ki koulya rele Baton Rouge African American History Museum. Dapwè the the Advocate, muze-a fè pati nouvo campus Legliz Batis Sen Luk-la ki localize sou South Boulevard, kote ke frè victim nan ap dirije kòm Pastè.

Polis depatman Baton Wouj atravè paj Facebook post li, ap plere amèman sou kadav Sadie Roberts-Joseph ke yon dekri kòm yon “trezò pou kominote-a; yon sitwayen ki pat jamè fatige nan fè demach pou trankilite piblik ak yon kominote pèsib”.

Leave A Reply