Pòtoprens: fòs Sekirite yo desann yon presume bandi nan zòn Kafou Tifou

472

Pòtprens____(TRiboLAND) Fòs sekirite nasyonal la arive desann yon presume bandi nan mitan jounen an nan Pòtoprens jodi vandredi 7 jwiyè 2020 an, dapwè enfòmasyon enstitisyon PNH la.

Enfòmasyon yo fè eta de yon triyo bandi sispèk ki te enplike nan yon brakaj e ki tap eseye devrye vijilans yon troup polisye angaje nan echanj kout zam nan zòn Kafou Tifou nan kapital la. Konsa, nan trese lèl pou chape pou’l yo, youn nan bandi yo arive mouri sanbat.

Sepandan, Jounal an liyn “Haiti Standard” konfime 2 lòt bandi yo arive chape poul yo alòske yo jwen sou sa ki mouri a, $300 ameriken, 250 mil goud, yon pistolè ak yon baj ki ta sanble idantifye’l kòm anplwayè Ministè lajisti ak sekirite piblik (MJSP).

Comments are closed.