NÒDWÈS/ PÒDPÈ: Asiz kriminèl yo ap demen Lendi 15 Jwiyè jiska 24 Jwiyè 2019
PÒDPÈ__(TRiboLAND) Konsèy Superyè Pouvwa Jidisyè atravè Decanat Tribinal Premyè Instans Pòdpè nan tèt kole avèk Pakè tribinal-la ap demare avèk Asiz Kriminèl ak Asistans Jiri yo demen Lendi 15 jiska 24 Jwiyè 2019 la.
Antouka, tout mezi dispozitif legal ak administratif yo deja sou kontwòl, selon responsab Jistis yo. Seyans yo pwal manniganse anndan Palè Jistis site Kapwa Lamò-a avèk endividi ki te deja resevwa kourye ki te solisite patisipasyon yo nan fòmasyon jiri pou tenu seyans yo, ki se youn nan dwa sivil chak grenn sitwayen ayisyen genyen.
Konsa, Me Louis Marie Yves Periclès, Doyen Tribinal Sivil vil Pòdpè-a reyitere volonte-l pou asisz yo dewoule nan tout serenite e pwensipalman an prezans yon asistans oubyen yon oditwa ki djanm e avèti. Tout popilasyon Nodwès la envite nan latriye activite legal sa yo ki gen pou klotire Mèkredi kap 24 Jwiyè 2019.
Me lis prevni konsène yo, avèk dàt asiz e akizasyon yo:
Prevni Dàt Akizasyon
ITOLIEN Jeantima 15/07/2019 zak lanmò sou FILS-AIME Kenley
CALIXTE Anatin (nan mawon) ak FILS-AIME Elines
Bercy (ainsi connu) (nan mawon)
CHANSY Moi-Meme 16/07/2019 zak lanmò sou ALCEUS Dosny
HENRY Jean Mary
PAPOULOUTE Fritz 17/07/2019 zak asasinay sou PAPOULOUTE Johanie
DEFRANC Etide 18/07/2019 zak asasinay sou DEFRANC Herack
REGELUS Walner 19/07/2019 zak lanmò sou ISRAEL Roger
PIERRE Muller (nan mawon) 22/07/2019 zak asasinay sou GUSTAVE Kenley
JOSEPH Stervenson
JACQUES Luc Chenet 23/07/2019 zak asasinay sou MERTYL Werly
SAINTIL Marcel 24/07/2019 zak lamò sou ROCK Benson