Majistra komenn Bèdeyènn nan demanti akizasyon ki fè kwè li t’al ofri Me Saintel Julbert lajan


BÈDEYÈNN__(TRiboLAND) “Sou ki baz mwen ta pral ofri sibtiti komisè gouvènman Saintel Julbert lajan…” se deklarasyon Majistra prensipal komenn Bèdeyènn, Ilercé Joseph Tertius pou demanti Me Saintel ki te mete’l nan gadavi nan finisman sèmèn pase a, sou pretèks li t’al ofri sibtiti komisè a lajan pou trete yon dosye pou li. Premye sitwayen komenn Bèdeyènn nan eksplike li pa gen ankenn dosye nan kare Me Saintel, jan sibtiti komisè gouvènman an ta fè kwè l’ la. ” se vre mwen gen yon dosye nan Pakè Podpè, men se komisè gouvènman an chèf la, Met Jean Volney Bellamin k’ap trete dosye a. Se yon dosye ki konsène mwen menm ak yon sitwayen ki rele Jean Price Saint-Breux
Majistra Ilercé Joseph Tertius eksplike, sibtiti komisè gouvènman Saintel Julbert te mete’l nan gadavi, nan moman lapolis te fin arete sitwayen Jean Price Saint-Breux ki te apènn soti nan kare mèt Saintel sou manda damne komisè Jean Volney Bellamin. ” sibtiti komisè a ki santi’l endinye, choke pwiske se patizan li, fè libere sitwayen an ke’m te deja depoze plent pou li devan komisè gouvènman an chèf la, pou mete m nan plas la. Dayè m pat ni nan kare paketye’a ni nan pale ak li jou Jedi a”, se sa Majistra deklare pou pote yon demanti fòmèl kont vèsyon sibtiti komisè gouvènman an ki ta fè kwè li t’al ofri’l lajan pou trete dosye pou li. ” se yon aksyon gwo ponyèt pou pwoteje patizan…” daprè premye sitwayen komenn Bèdeyènn nan. Eli komenn Bèdeyènn nan di li pa konprann pou yon otorite lajistis ap chèche pwoteje bandi sou baz enterè politik kont moun popilasyon an bay manda pou jere komenn nan.
Lòt kote, Majistra Ilercé Joseph Tertius voye jete ak 2 men li, deklarasyon Me Saintel Julbert fè kòm kwa avoka li yo te agrese’l epi manke’l dega nan biwo li. “Se totalman fo! Se apwè m soti nan gadavi a, avoka’m yo t’ap kesyone sibtiti komisè a sou aksyon gwo ponyèt li a…,” nou t’ap site pwòp deklarasyon premye sitwayen komenn Bèdeyènn nan. Sou bò pa’l youn nan avoka Majistra Me Chevelon Elisnord ajoute pou di, Me Saintel Julbert ap trete yon dosye difamasyon pou sitwayen Jean Price Saint-Breux, alòske Majistra te depoze plent kont menm Jean Price sa’a ki te nan tèt yon gwoup bandi ki tap vandalize lokal Meri a, Tribinal de Pè Bèdeyènn nan e tout pwosèvèbal yo nan men komisè Bellamin. ” Se yon aksyon abitrè ki pa kadre ak lalwa e ki vize sal imaj Majistra a ” se sa Me Chevelon fè konnen.
Dapwè prezidan konsèy minisipal bèdeyèn nan, aksyon Me Saintel Julbert a antre nan kad yon demach pou entimide li, kòm kwa pou’l ta retrakte sou dosye li antame kont sitwayen Jean Price Saint-Breux a ki gen anpil akizasyon sou do’l pa rapò ak divès zak banditis li ta komèt nan komenn nan. ” Mwen pap fè bak, map avanse ak dosye a. Bandi pa gen dwa jwenn plis pwoteksyon kont sila yo kap travay nan enterè popilasyon an”, se deklarasyon Majistra Ilercé Joseph Tertius ki mande sibtiti komisè gouvènman Saintel Julbert pou’l pa kontinye nan menm wout sa, ki se fè manti pou defann aksyon degrenn goch, abitrè, gwo ponyèt l’ap pran yo.
Marc Edy Ossam, TRiboLAND






