Si ou vle konnen kòmansman, fè yon ti gade fen an!

0 338

Kèlkeswa kote kè-w ak espwi-w ye nan kòmansman yon relasyon, se egzakteman menm kote sa wap ye nan fen an. Kelkeswa sa ou pote nan kòmanse yon relasyon, se menm sa wap gen pou netwaye nan fen an.

Nou pa ka kòmanse yon relasyon nan dezonètete ak mètdam epwi espere jwenn onètete nan fen an. Si wap kouri kite yon relasyon pou kouri antre nan yon lòt, ou gen pou kouri antre nan yon lòt, yon fason pou ou kouri kite sa ou ladan-l.

Si ou kouri antre nan yon relasyon ak pè, kolè ak tèt fè mal, ou riske gen anpil chans pou jwenn menm bagay. Si ou antre nan yon relasyon ak tristès, dezespwa ak doulè, banm di-w! Wap toujou jwenn menm bagay an retou! Yon fi ki arive pwan kè yon gason nan manti, li mèt atann se manti kap mete fen nan relasyon an.

Si nou bezwen mete yon fen nan yon pakèt kòlè, amètum, ak vye separasyon lèd, nou dwe kòmanse relasyon nou ouvètman avèk yon onètete ki trè admirab e palpab nan menm fason nou temwanye-l lè nap di-l. Ou kòmanse ak byen pi devan wap jwenn byen nan fen an! Si nou reyèlman pa konnen ki moun nou ye e jan nou resenti nenpòt ki lè, lap pi bon ke nou rete pou kò nou!

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply