Michel Hector: Ayiti pèdi yon gwo mapou entèlèktyèl

0 387

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Petyonvil konnen yon lanwit tris yèswa avèk lanmò yon gwo potorik mapou ki se Istoryen Michel Hector, dapwè yon Radyo nan kapital la.

Istoryen Michel Hector

Msye Michel Hector te toujou yon moun kap soufri. Sa pa gen lontan li te oblije al pwan tretman nan peyi Kiba. Konsa, li te kòmanse ap fè jefò ki pat dire twò lontan. Bat je, bwiskeman sante-a vinn konplètman deteryore. Apwè yon bon bout tan malad, Istoryen Michel Hector, mouri lakay yèswa ki te 5 Jwiyè nan Petyonvil.

Anpil moun estime ke se yon veritab mapou entèlèktyèl ki ale e ki kite Ayiti nan yon konjonti de twoub ki solisite pli ke jamèy asistans oubyen konesans yon potorik gason tankou Hector. Istoryen an te recevwa “Meday Jean Price-Mars nan lane 2016.

Se egalman yon gwo kou astwonomik pou kominote inivèsitè-a an Ayiti. Msye Hector, akote konpetans li nan domènn istorik, li te yon chèchè e yon pwofesè inivèsitè. Li te jwenn pandan plizyè fwa onè de distenksyon pou kòkenn chenn travay li te reyalize pandan pasaj li kòm pwezidan Sosyete Ayisyènn Istwa ak Jewografi.

Pandan nap espere, ke zèv ou konesans mapou entèlètyèl sa pwezève, e menm klonn ou byen diplike, nou desann chapo nou byen ba devan pasaj yon pitit otantik tè Desalinn nan kap toujou sèvi angrè pou jeni ayisyènn nan!

credit photo: Le Nouvelliste

Leave A Reply