Koupye: yon plant ke lakay neglije, men ki gen anpil valè pou lòt peyi

0 1,281

Koupye (pourpier en francais) se yon ti plant ki pouse de 10 a 30 santimèt de otè e li epè e manjab Ti plant sa gen anpil fer ak vitamenn ladan-l. Fèy koupye-a on ti jan rèd e epè. Koupye fè pati plant ki soti nan fanmiy Pòtilase yo.

Nan tan lontan, Women yo te konn enpòte anpil koupye soti nan Oryan, yo te konn rele li Pòtilaka olerasi Line. Li se reyèlman yon ansyen plant ki te jwe yon gwo wòl nan manje nou. Konsa, dejou an jou moun vin nap neglije koupye e pafwa menm panse ke se yon vye zèb raje ki pouse nan jaden an.

Si lontan granmoun ayisyen yo te konnen fè bouyon oubyen remèd ak koupye pou remoute moun ki anemi. Koulya pa gen bagay sa ankò! Se pa twòp moun ki konnen koupye; anplis, si gen yon ti gwoup ki konnen li, a koz inyorans yo pwefere rache-l voye-l jete. Gen menm chyen ki konn ap manje koupye lè yo santi yo manke fer nan kò yo.

Me ki sa ki genyen ki bon lakay Koupye

Koupye se yon plant ki manjab e li rich an vitamenn A, B, C men tou an oligoeleman ki vle di li genyen: fer, kalsyòm, yòd ak fosfò. Li gen eleman dwiretik ak astrenjant ki konplete avèk omega-3 ki trè remakab.

Me fason moun ka manje koupye

Salad poupye

Moun kapab manje koupye kri kòm salad;  avèk ti gou li genyen an ki asidik ak epise-a ran li ideyal avèk tomat e konkonb.  Li kapab kwit tou, menm fason ak zepina nan bouyon.

Savan yo jounen jodi-a arive menm manifaktire koupye-a menm an tablèt oubyen pilil, jelil pou moun bwè. Konsa, li tris pou wè ke tout sa sitwayen Ayisyen an ap rejete lakay, se li menm ki sèvi yon trezò pou lòt kote ki pa sispann valorize e pwezève pwodwi lakay yo; e san dout, kapab menm fè nou arive achte menm plant sa nan men yo; yon plant ki te deja itil kilti lakay.

Sante, TRiboLAND

Leave A Reply