Genyen plizyè rezon yon jènn fi pa ta dwe kouri abite nan kay avèk yon mennaj

0 806

Pa gen pi bèl bagay konsa lè ou nan yon relasyon ki soude-w pi pwè ak mennaj ou. Konsa, nou tou de kapab grandi tou pwè youn ak lòt e trè depandan a yon pwen kote ke nou anvizaje ale ko-abite nan kay. Se pi gwo erè nou tou de kapab komèt si nou poko pwepare pou jwe wòl pou asèpte swiv li oubyen li menm tou asèpte swiv ou. Pandan viv nan kay ak pataje yon seri depans mansyèl ta sanble bèl bagay, men kèlke fwa sa kapab baskile trè mal. Me rezon fondamantal ki fè li pi bon pou pa kouri avantire-w nan ko-abitasyon ak yon gason:

 Ou poko fè plan pou avni-w

Renmen se yon bagay ki fleksib e konfòtab; paske ou ka wè mennaj la lè ou vle oubyen lè li vle tou! Se vre, osito ke ou kouri antre nan kay avè-l, wap vinn jwenn anpil tan pou-w pale avè-l e ou ka menm vinn reyalize ki sa nou tou de vle fè ak vi nou. Kidonk, se koulya ou pwal reyalize ke li petèt genyen diferan aspirasyon ke ou menm; konsa ou vinn gen anpil posiblite pou mache pòs ou.

Ou poko marye

Renmen mennen maryaj, men li pa reyèlman maryaj! Maryaj an jeneral lage tou de moun yo anndan angajman youn ak lòt. E se lè ou antre nan kay avèk mennaj-la, ou pwal dekouvwi kòman li reyèlman konpòte-l, lè li menm oubyen ou menm tou pwè youn ak lòt. Genyen plis chans pou yon maryaj mache lè ou dekouvwi ou suviv yon seri eksperyans nan nivo renmen; e si ou avantire-w san planifikasyon, san apwann pou gen pasyans, adaptasyon, asèptans ak kominikasyon, chans pou viv anndan kay-la, piti anpil.

Pwan mezi relasyon an

Lè ou wè ou renmen-l anpil e li menm tou renmen-w tankou de je nan tèt li; koulya, nou tou de pare pou yon inyon pèmanan, ki se maryaj. Sepandan, si nou tou de santi ke nou poko pare pou maryaj, lide pou ale viv nan kay ansanm nan genyen pou wè avèk yon bagay ki anndan-w e ki vle teste oubyen evalye nou chak yon fason pou detekte si lòt la reyèlman serye menm jan avè-w. Malerezman, kalite aranjman sa yo pa dure pou lontan, paske ou ka antre e sòti nan ko-abitasyon an nenpòt ki lè san ou pa gen esplikasyon pou-w bay pèsònn.

Ekonomi ka petèt yon pwoblèm

Sòti ak mennaj ou e ale nan yon seri plas ki trè chè oubyen al manje ansanm nan yon restoran klasik ke ou pi renmen e pase Vandredi swa ansanm nan yon ti bal oubyen diskotèk, se pi gwo bagay ki ka fè kè-w kontan. Sepandan, osito ou vinn nap viv nan kay ansam, rapidman ou reyalize ke abitid sa yo kòmanse ap chanje. Konsa, ko-abitasyon an vinn kraze kontantman soti deyò al manje ansanm nan, paske sa ta sanble li vinn twò chè. Ou vinn reyalize tou, ke nou tou de dwe dakò kòman, kilè e nan ki sa nap depanse e ki moun kap responsab pou fè kèk travay domestic nan kay la. Ou vinn reyalize tou, mansyalite oubyen lweyaj kay la dwe pataje san konte lòt depans ki mete-w nan egzijans e lage sou do-w yon responsablite ekonmik ke ou pat janm panse avan.

Kouri antre nan kay ansanm, ka koz separasyon fèt avan lè

Apwè ou finn kouri abite nan kay ak mennaj-la, tout abitid ak konpòtman ou pat konnen ke li te genyen efase tout bèchon jwaye ak bon moman ansanm; e se menm obsèvasyon-an pou li menm tou. Li reyalize ou gen moman ke ou bezwen pou kò-w e ou reyalize menm bagay la tou pou li; trè souvan sa pa konn pase byen ditou! E se ti bagay sa ki pwal pèmèt ou tonbe nan yon gwo diskisyon; finalman, eksè langaj mete pye e nou kraze yon kite sa menm avan ke nou te reyèlman gentan bonjan abite ansanm.

Koze Fanm, TRiboLAND

Leave A Reply