Majistra Anthony Manigat mande otorite yo pou voye je sou kominn Bassen Bleu kap pwan lanm

0 491

Majistra kominn Basen Bleu a Anthony Manigat rankontre ak laprès pou mandé otorite konsene yo voye je sou Basen Bleu ki se pòt rantre de patman Nòdwès la ki chaje avèk problèm tankou problèm wout ak problèm dlo potab.

Konsa, li mandé pou ministè santé publik ranfòse sèvis yo ki nan lopital Basen Bleu a. Majistra-a mete aksan sou infeksyon kap tripote sitou medam yo. Nan sans sa, li mande aske gen chanjman ki opere bò kote DINEPA pou fasilite gen amelyorasyon ki fèt nan kalite sèvis dlo potab kap delivre bay popilasyon-an. Mesye Manigat fè apèl ak santé publik kote li di fòk ta gen clinik mobil ki fèt nan kominn nan pou pote solisyon ak problèm santé ki pwodui gro andikap bò kote medam yo.

Premier sitwayen kominn Basen Bleu a pa ekate absans Lapolis tou ki pa efektif nan kominn nan e soulinye egalman fèb matéryèl tankou moto ak machinn ke Lapolis pa posede e ki bay bandi yo okazyon pou achte lajan kontan plizyè lòt seksyon kominal.


Jehrbson Petit, Triboland

Leave A Reply