Plizyè polisye mouri nan boukantaj kout zam nan Peyonvil

875

01-21-2023

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) Gro boukantaj kout zam ant polisye ak bandi kreye gro panik nan Petyonvil pandan plizyè èdtan nan jounen vandredi 20 janvye 2023 a. PNH anrejistre plizyè mò.

Selon enfo TRiboLAND arive kolekte, plizyè ajan fòs lòd ta pran nan yon zatrap gang e ki ta pral deklentche yon gro sòlòkòtò echanj kou zam ant bandi ke chèf gang Vitelhomme Innocent ap dirije. Malfwa yo ki tap tante reprann kontròl kèk zòn estratejik te mete tèt anba plizyè lokalite nan Petyonvil.

Se konsa, plizyè ajan ki tap mande Komisarya Petyonvil la ranfò pandan plizyè èdtan arive echwe e pèdi lavi yo, alòske kèk nan ajan blese grav yo te oblije transpòte lopital.

Nap raple, anpil kritik pa manke salanbe responsab yo nan tèt PNH la, pami yo, ajan polisye ki ta sanble estomake kont òd yerachik yo, ki ankò yon fwa echwe nan pote sekou ou ranfò bay polisye ki arive mouri yo, daprè yon video kap fè laviwonn dede rezo sosyàl yo.

Kidonk, ta sanble genyen anpil nan gro chabwak PNH ki genyen afilyason avèk gang; konsa, malveyan sa yo gen tandans manipile ou devye nenpòt ki operasyon anfavè gang.

Comments are closed.