Yon jounal bwitanik akize Yves Jean-Bart kòm kadejakè sou divès jènn fi ayisyènn

0 615

Pòtopwens___(TRiboLAND) Pwezidan Fédération Haitienne de Football (FHF), Yves Jean-Bart alyas “Dadou” genyen gwo akizasyon abu seksyèl ou kadejakè ki pandye sou tèt li, dapwè jounal Bwitanik, “The Guardian” ki arive jwenn temwanyaj yon latriye pwezime viktim ki te akonpanye ak fanmiy yo.

Selon yon pakèt gwo revelasyon bò kote pwezime viktim yo, Dadou te toujou ap itilize yon fanm reselè entèmedyè ki kapab jwe nan bon nanj yon seri jènn ti fi e fè pwesyon sou yo yon manyè pou yo arive antre nan relasyon seksyèl avèk Dadou an echanj pou yo kapab rete nan sant akademik lan ki nan Kwa Dèboukè. Konsa yo pa genyen lòt chwa sinon ke obyi san konprann si yo bezwen rete.

Jounal “The Guardian” kontinye tou ak temwanyaj plizyè lòt jènn fi ki arive devyeje (pèdi vijinite) e fòse yo kouche avèk Dadou pami yo ou jwenn yon jènn fi 17 lane ki te fè avòtman nan 2018. Konsa, jounalis envèstigatè yo fè yon pakèt lòt revelasyon sou Pwezidan Dadou ki deklare pa janm genyen konplent ki fèt nan federasyon an kont li menm e kont pèsonèl angaje kap travay nan sant lan. Konsa, li estime se yon pwojè imen ke yo genyen nan sant lan, ki vize pou chanje aveni yon pakèt jènn.

Dadou di, “li pwèske enposib pou pwatik abu seksyèl sa yo ta rive nan espas la”. Li denonse tout alegasyon sa yo ki se pèsekisyon ak manèv ki vize pou sal karaktè li ansanm ak fanmiy li; e menm pou destabilize Federasyon Footbal la. Dadou ki apènn sot re-re-re-re-re-elu pon yon sizyèm fwa nan tèt FHF la, jwenn anpil kritik dèske li akapare enstitisyon sa kòm pwopwiyete pwive l.

Konsa, jounal “Lanj pwotektè” bwitanik lan apwè anpil traka ak entimidasyon bò kote plizyè antite, arive denonse eksplwatasyon yon seri malere an Ayiti ki oblije konfye pwoblèm yo bay medya etranje olye medya lakay ki gen tandans kafe fèy kouvwi sa pou gwo Yenyen kap fè krim nan espò ayisyen an.

Leave A Reply