Bandi pa sispann mete dlo nan je popilasyon an nan Kafou

Yon ajan sekirite mache piblik Lamanten 52 nan Kafou mouri anba bal bandi legetè yo pa arive idantifye Dimanch swa 6 Oktòb 2019 la.
Viktim nan ki pote non Jean Frantz Saint Victor ki gen ti non jwèt li “Djab Baka”, tap pwal rantre lakay li lòske kriminèl yo sène-l e vide-l atè ak katouch devan mache piblik Florvil Hyppolite la nan Komenn Kafou.






