Eske telepati se yon bagay ki reyèl?

0 278

EPS, oubyen extra pèsepsyon sansoryèl, se itilizasyon yon lòt sans ki pa ditou soti nan 5 sans jeneral ke moun deja genyen. Sans sa bay yon abilite pou ou konnen yon bagay ki pwal rive. Ki donk, li pèmèt moun devlope pwevwayans ki fasilite ou gen enfòmasyon sou lokasyon yon bagay oubyen evènman fizik nan yon kontèks ki anòmal.  

Telekinetic, se deplasman yon objè avèk yon fòs mantal. Telepati mantal oubyen li panse yon moun, se kominike avè-l apati yon lòt sans ki pa fè pati 5 lòt san yo. “Paranòmal” se yon tèm syantifik ki itilize pou define tout fenomènn ki pa kapab esplike. Anpwensip, li difisil pou yon moun genyen yon prèv tanjib pou yon fòs paranòmal sa trè vag; prèv yo konplètman sibjèktiv. Ta sanble pa genyen oken ka telepati mantal ki syantifikman demontre malgre plizyè tès syantifik.

Anpil kretyen vivan fè “eksperyans telepati” a yon pwen nan vi yo. Tankou, yon manman kapab resenti briskeman lanmò petit li ki mouri nan yon laguè. Yon moun kapab genyen anpil presentiman ke telefònn li pwal sonnen, epi finalman sa pase. Yon moun tonbe ap panse de yon ansyen zanmi ke li pat wè pandan plizyè lane, epi briskeman yo arive rankontre nan yon supèmakèt. Èske ka telepati mantal sa yo oubyen patènn sa yo se koensidans? Ebyen, syantis yo pa sanble yo anmezi pou yo ta vini ak yon seri tès syantifik ki kapab konfime oubyen rejete fenomènn sa yo.

Gen kèk moun ki souteni ke yo kapab deplase, kraze oubyen pliye objè avèk kapasite mantal yo. Uri Geller, ki se yon sitwayen Anglo- Izrayelit, trè repite nan zafè pliye kwiyè an metal, sepandan trik Geller-a te konplètman dezapouvwe nan lane 1973 anfas yon majisyen ki rele Johnny Carson ki abitye ak trik la. Pliye kwiyè an metal se yon trik, li pa reyèl!

Tout sa genyen pou wè avèk sa yon moun vle kwè. Anpil moun vle kwè ke genyen yon kote kèk manifestasyon kan mèm, e genyen pi gwo fòs ki depase nou. Fòs sa yo bay vi a yon sans, yon sinifikasyon. Pou anpil, sa tankou yon relijyon! Konsa, wap toujou jwenn anpil moun kap panse de gwo djab; ke extratèrès konn ateri kèk kote sou late, tankou nan zònn Roswell, Meksiko; avyon ak bato ki disparèt mistikman nan triyang Bèmid. Konsa tou anpil moun tou kwè aterisaj sou lalinn lan pat yon bagay reyèl.

Antouka, sou kesyon telepati mantal la, gen dwa genyen yon bagay ladann. Men pou koulya, pa gen oken evidans kredib ke yon moun kapab detèmine sa kap pase nan panse yon moun.

TriboScience

Leave A Reply