Lapolis nan vil Miragwan entèpele 2 jèn gason sispèk ki te nan yon machin.

11 – 28 – 2026
Miragwan, Ayiti ____(TRiboLAND) Fòs lòd yo nan vil Miragwan mete anba kòd 2 jèn gason ki sispèk ki te nan yon machin piblik aprèmidi vandredi 27 novanm 2026 lan, ozanviwon 3 zè konsa.
Selon enfòmasyon kèk pasajè ki te nan menm machin ak 2 jèn gason yo pataje, mesye yo t’ap chanje mayo sou yo. Fòslòd yo ki t’ap kesyone 2 sispèk yo, pou konnen si yo ta manm gang Viv Ansanm konsa, nan repons yo, yo te fè konnen ke yo pa gang, yo se moun Grangwav; e yo pa genyen telefòn pòtab. Alòske kèk minit aprè lapolis ta pral jwen 2 telefòn nan valiz yo ki genyen anpil kichoy ladan yo.
Pou kounye a, 2 jèn gason ki sispèk yo, twouve yo nan gadavi Gran komisarya nan vil Miragwan, annatandan yo al repon’n kesyon lajistis pou sa yo akize yo. Antouka 2 mesye sa yo pral pase premye nwit yo nan gadavi komisarya nan vil Miragwan.






