Peyi Lespay mande Etazini pou-l sispann konpòte-l tankou cowboy nan Venezwela

0 324

PMadrid, 10 Me 2019 (Triboland) Minis ki regle afè lòt bò dlo pou peyi Espay-lan, Msye Joseph Borrell akize Etazini kòm kwa lap konpòte-l tankou cowboy nan Venezwela e li mande  ke konfli politik kap bwase bil peyi Bolivar-a li rezoud nan lapè.

Sou yon chènn televizyon Espanyòl, Msye Borrell fè deklarasyon sa yo pou mete anfaz sou diferans ki genyen sou fason Prezidan Etazini- an ak tout gouvènman lan abòde pwoblèm Venezwela-a konparativman ak Group Contact International pou Venezwela-a ki genyen apepwè 12 peyi ki soti nan zantray Union Européenne ak Amérique Latine.b.


Dapwè chèf diplomasi espanyòl-la, Wachennton reyèlman konpòte-l tankou yon cowboy kap intimide ou byen menase dechouke advèsè-li lè pa exzanp administrasyon Trump lan ta deklare ke genyen opsyon militè sou tab-la yon fason pou kapote prezidan konstitisyonèl Venezwela.

Malgre atitid cowboy Wàchennton lan, Msye Borrell soulinye ke Group de Contact International pou Venezwela-a continye ap pwone negosyasyon, tankou jan sa pwouve li ak dènye delegasyon an yon fason pou gen ankourajman dyalòg ant pati ki konsène nan konfli sa.

“Pou nou menm, pèsònn moun pa dwe dechouke. E nap mande yon solusyon pasifik e negosye”, deklarasyon Joseph Borrell sou yon chènn television piblik. Li renouvle angajman li pou kontinye avanse avèk plan Group de Contact International la kote ke “Madrid ak Wàchenntonn pa sou menm wout”. Diplomat-la kite entèroje sou echèk mo dòd soulèvman militè ke depite opozisyon yo te lanse kont Maduro 30 Avwil pase-a, li ensiste ke se te  yon “tantativ koudeta militè”.

Leave A Reply