Fantòm nan lari: sènn ensandi ak piyàj nan konpany Nissan Universal Motors nan Delma

369

03/17/2021

Pòtoprens______(TriboLAND)  Fantòm 509 achte depi maten laru Pòtoprens lajan kontan jodi mèkredi 17 màs 2021 an. Kontrèman ak yè madi 16 màs la, yo mete grif yo deyè yon fason pou montre mekonttantman yo ak desizyon Wo Kòmandman PNH la ki deside san onè al negosye rekiperasyon machin blende yo ak bandi sangwen Village de Dieu yo.

Fantòm 509 ki te sou bennzeng li depi nan mitan lanwit lan akoz desizyon vwayou responsab PNH yo te pran nan fè manti sou pretèks se yon lòt operasyon ke yo di ki espesyàl ki arive rekipere blende yo san kò kat kadav polisye bandi sangwen Village de Dieu yo te asasine vandredi 12 màs dènye.

Anpil troub ak zàk vyolans te paralize zòn tankou komin Delma jodi mèkredi 17 màs la; alòske mount e kapab remake polisye Fantòm yo te anvayi komisarya Delma 33 ak Kanapevè e libere plizyè ajan ki te fèmen anba kle pou granmesi. Van panik la te oblije yon pakèt magazen kouri fèmen pòt yo. Dife ak barikàd anflame t’ap bwile nan divès kwen nan kapital la. Pwotestatè yo te sakaje, piye e mete dife nan antrepriz Nissan Universal Motors, yon lokal kap vann machin ki rele Réginald Boulos chè mèt chè mètrès.

Yon pakèt kout zàm te fè kenken e plizyè gro dega anrejistre anba kolè yon pèp ki fatige ak yon ekip voyou ki anglouti yon peyi nan tout nivo.

Comments are closed.