Batay gang ame yo nan Kwàbosal okazyone 5 komèsan pran bal mawon

2,017

07-29-2022

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè komèsan viktim anba bal pèdi ant lendi e madi nan moman deblozaj konfli ame group gang yo nan mache Kwàbosal. Machann sa yo ki genyen plizyè lane depi ke yo ap moute yon ma swife anba awogans ak maltretman bandi sangwen, tap viv yon lanfè san parèy nan moman konfrontasyon group gang yo ki te mete Wo ak Ba Bèlè tèt anba.

Genyen apeprè senk (5) machann ki arive pran bal mawon e yo te kouri pran wout lopital pou eta kondisyon yo, daprè Jean Onel Félix ki se direktè mache Kwàbosal la, estime ke otorite yo ta dwe atake mal la nan nannan li; men pito asèpte fè fas ak sitiyasyon an yon fason pou bay bandi yo mounen pyès.

Pi lwen, mesye Félix deklare bay yon medya nan kapital la ke li pa okouran ke genyen bandi gang kap fè resèt nan men machann yo sinon ke responsab meri a ki toujou asure sa regilyèman.

Comments are closed.