Malezya kondane ak tout fòs li atak san manman Izrayèl yo nan Bann Gaza

0 266

KUALA LUMPUR__(Triboland) Minis nan Depatman Premye Minis lan Datuk Seri Dr. Mujahid Yusof Rawa kondane avèk tout fòs li atak bare anlè ak atè Izrayèl lanse nan Bann Gaza ayè Vanderdi-a.

Msye Mujahi deklare zak malonèt sa arive komèt pandan Muzilman yo nan Palestinn ak nan tout rès monn ap pare pou yo resevwa mwa sakre Ramadan an. Minis lan kontinye pou-l di ke atak la koute ladi apepwè 12 Palestinyen ansanm avèk yon fanm ansent e yon bebe 14 mwa.

“Govènment malezya-a trè konsistan nan bay pèp Palestinyen supò e kondane enèjikman aksyon Izrayèl-la. Sa te trè evidan nan diskou Premye Minis lan (Dr. Mahathier Mohamad), lè li tap pale sou podium Nasyon Zini an alokasyon 73em Asanble Jeneral nan New York ane pase.

Anplis, gwo Òganizasyon Kiltirèl Palestinyen Malezya egalman mande yon aksyon entènasyonal vit e pwese yon fason pou kanpe arogans Izrayèl-la.

Credit photo: Malay Mail

Leave A Reply