Ayiti dènye soupi oubyen efondreman: Koz edikasyon e enkonpetans

0 363

Anpil sitwayen Ayisyen ki santi yo wont e imilye ap eseye wè kòman yo kapab kache kouvri yon pakèt repinyans ak iresponsablite gouvènman tradisyonèl Ayisyen yo toujou afiche nan figi lemonn. Konpòtman sa yo ki toujou bay kè plen, pa ka sere ankò paske yo rive nan apoje yo. Kidonk, malerezman vè a rive yon moman pou li debòde; paske tout vye makiyaj salte, krim, vòl, enpidisite, kòripsyon, inyorans, medyokrite, vyolans oblije fè sufas e debòde yon fason pou lemonn antye arive konpwann ki sa ki yon “dirijan Ayisyen” an.

Kwèm sou vle, yo wè deriv sa yo jiskaske yo gen kè plen e ak pitye pou pèp sa ki oprime depi egzistans li e ki kontinye ap viktim de iresponsabilite yon gwoup dirijan malfòme ak eli tèt anba ki pa kapab fè diferans ant “le faux du vrai” oubyen si medyòk ke yo pa menm ka arive kopye jan lòt nasyon ap viv. Akoz ensifizans ou feblès edikasyon atravè tout peyi-a, dirijan sa yo arive avèk odas eli swadizan pou ta arive garanti bònn gouvènans peyi-a nan tout domènn. Okontrè, lidè enkonpetan sa yo pwefere fè tout vye bagay rès monn nan pa menm swete wè menm nan dòmi. Konsa, anfonksyon de zak nou ak jan nou rezone, yo trè kurye pou chèche konnen ki jan de espès ke nou ye menm. Nan sans sa, egzanp ki pi remakab yo sòti nan konpòtman kwonik, revòltan, e kriminèl ou sansal otorite Ayisyen yo depi djab te kaporal.

Se raman pou peyi Jan-Jak la jwenn yon dirijan ki respekte lavi moun, ki pa apatrid e ki pa fè pwèv tono vid, san fòmasyon, san visyon, san wont, san edikasyon, yon moun ki pa wè developman yon peyi sou baz bidon vil. Anpil nan dirijan sa yo, se yon seri espès kap viv nan yon lòt planet e mèyè fason pou yo efondre Ayiti se ranfòse kòripsyon, pwomote anbarasman oubyen izolasyon entènasyonal, pwomote aktivite gang ak dwòg, edikasyon tèt anba, malpwopwete, blòf, demagoji, ak pwomosyon medyokrite. Oke! Dirijan sa yo ki efondre peyi-a te pase nan tout gwo inivèsite, sepandan fè pwèv de “lucidité” onivo “savoir faire, savoir dire, et savoir raisonner” se la wont!

Sependan, sa pa anpeche nou sonje menm peyi sa te bay lontan yon pakèt jeni ki te tèlman respekte, yo te konn al bay bourad nan edikasyon lòt peyi espesyalman nan plizyè peyi an Afrik. Oh! Konbyen mwen santi mwen fyè de regrete memwa Yve Volel ki te pwofesè matematik Anderson Cooper, youn pami pi gwo jounalis ki fè siksè nan CNN. Youn nan gwo dirijan valab Ayiti pa jamen konnen, ki te genyen sousi, karaktè, vizyon global de rès monn nan se te LIDÈ Nord Alexis ak Dumarsais Estimé. Potorik gason sa yo, kontinye ap fè non yo nan istwa lakay. Yo rapòte ke Tonton Nord pat konnen li, men li te supè entelijan ke anpil dirijan ki jounen jodi-a kapab senpleman li men ki pa devlope yon minimòm fakilte ki chita sou: “savoir faire, produire, comparer, dire, prédire, critiquer, et raisonner”. Lidè sa yo pat gen yon atitid gwodiyo ou gwoyenyen, yo pat wè administrasyon yon peyi tankou yap jere yon chanm kay an pay; e yo pat konsidere-l kòm chwal papa; yon mamèl bèf pou yo souse san rete malgre zannimo-a pwèske trepase ak malnitrisyon. Nenpòt moun pa ka arive senate ou depite yon peyi. E li pi danje lè lidè sa yo jwenn benediksyon moun kap vann mikwo e enpoze swadizan lidè bay sosyete-a. Konsa, anpil jounalis ayisyen pa inosan nan efondreman Ayiti. Se atravè medyòm sa yo anpil medyòk, dilè dwòg ak kòwonpi aksede nan yon seri pòs etatik.

Te gen peyi ki te peyi e ki pa peyi ankò. Konsa, degradasyon tèlman ap fè raj, pa gen yon minimum strikti sosyàl ki pa rete ankò. Anpil moun pè e yo pa vle kwè ke Ayiti Cheri yo a efondre! Wi, li efondre tout bon! E monn entènasyonal ta pwèske jistifye sa. Konsa, moun ki responsab yo pa lòt bagay se yon gwoup kriminèl ki twonpe vijilans pèp la ou byen abize naivte, inosans, patyans, pouryanis pèp Ayisyen an. Kèk dokimantè sou Ayiti montre ke se ka pèdi! Pa gen espwa! Depi kèlke tan tèritwa-a pa vivab (li pa kote moun ka viv) nan tout nivo. Nan tout lanmè sal Ayiti ap naje la, genyen plizyè bagay pou pèp oprime-a dwe konsidere e pa jamen bliye yo:

  • Ki sa ki esplike ke peyi sa-a genyen swadizan prezidan, gouvènman, senate, depite ak anpil lòt. Avèk ki kouraj pou jan de dirijan sa yo kontinye ap rele tèt yo prezidan, senate ak depite. Dirijan leta, pa jamè kontribye nan detwi peyi-l epi desann ba konsa (fòtinn nan move kondisyon, distribisyon zàm, mouvman gang, kòb pwason, plizyè lojman, konivans ak egzekitif pou detwi peyi-a….)
  • Kòmanse sou rejim Duvalier rive sou Jovenel Moise evalye ki sa ki pi serye ke ou ka konte sou dwat ou yo fè ak lajan peyi petèt ki te kapab amelyore edikasyon andan peyi-a. (yo pap jamen arive fè refòm, paske yo pap ka jwenn mwayen pou yo woule-ou nan farinn e blofe ou ankò). E si tout fwa yo ta arive konstwi yon bagay san nòm, san standa, yo pap mete pèsonèl ak resous la dan yo.
  • Trè souvan dirijan ki pa konpwann anyen nan anyen fè tout sa li kapab pou foure anba vant li yon ti kras moun ki konpetan (tankou jounalis, avoka, lidè relijyez…) e ki poko chifonnen e inisye nan rezo gang enstitisyonalize kap kraze peyi. Yo pa arive fè-l paske yo reyèlman vle yon reviman sosyal avèk moun ki reyèlman konpetan; men yo fèl tou senpleman ak entansyon pou pyeje oubyen kòronp individi yo nan salte epi asasinen si se nesesè karaktè endividi sa yo. Se konsa, dirijan yo fini avèk yon pakèt moun entèg nan peyi; konsa, yo globalize kòripsyon avèk krim nan peyi yon fason pou ran difisil eta dedwa ak pouswit jidisyè. Ki donk ou antre nan jwèt la: sa ou frekante si li ou ye! Yap chèche yon fason pou fini-w nan yon djòb pyèj pou de twa mwa. Konsa, senate, depite, boujwa sankoutcha bezwen lajan; yon mande chanjman gouvènman pou lòt resèt ankò! Sa pa peyi!
  • Ki sa ki anpeche tonton Sam ede nou netwaye Ayiti nan kòripsyon. Tou senpleman friz oubyen envèstigue byen ak kont bankè tout tout moun ki pase nan bwat leta.
  • Ki sa ki esplike yon gwoup moun prefere kite yon pakèt depo diri gate, ap kale vè olye pou yo ta distribye yo bay moun ki pi vilnerab yo. Tout sa yo se bagay ki mande yon seri evalyasyon mantal pou moun ki aji konsa.
  • Pou ki sa nou genyen yon gwoup moun ki pa menm pitit tèt-a, men poutan se yo ki kle vant nou, alòske bonte nou, inosans, savoir vivre te pèmèt nou te akeyi yo an gran panpan kòm jwif ak Arab ki te rive nan peyi-a toutouni. Sa ki pirèd, moun sa yo genyen yon atitid eta islamik anvè pèp dosil sa ki genyen yon ospitalite ke moun pa jwenn nenpòt ki lòt peyi. Atoufè sa yo okipe tout bagay sou mache-a; yo fè fèmen twa ka lòt pò maritim yon fason menm yon ti ju tanpico oubyen yon ba savon lave se nan kapital la pou li soti.
  • Kò mafia-a yo fè fèmen yo pakèt endistri nan peyi-a sou pretex yo pa ka mache. Konsa, nèg tèt pa dwàt likide yo a vil pri bay kò mafia ki pwan-l kòm yon obènn e revann ou bay leta sèvis nan yon pwi eta islamik. (Yon pakèt konpayi tankou Vorbe & Fils ap fè yon seri vye konstwisyon wout bidon nan peyi-a, alòske anpil medya reselè pa vle denonse tout vye kontra ilegal sa yo paske Philippe Vorbes se te yon footbolè (ikon) nasyonal.
  • Ki sa ki esplike yon pakèt moun depatcha Siman Dayiti, Elektrisite, Teleco….ak anpil lòt konpayi tankou ekipman travo public kòm byen manman yo epi avèk menm ekipman leta sa yo yap vann leta enkapab la sèvis ki egziste sèlman sou non. Efondreman LETA!
  • Ki sa ki esplike se sèl boujwa konpwadò-a ki kapab manipile richès peyi-a. Alòske yap fè fòtune sou zo rèl do malere kap pwatrinen nan swadizan faktori tèt anba. Alòske si yo kite peyi-a gen yon pakèt nòm entènasyonal sou travayè yap respekte an ouvran labouch. Sa se mantalite Eta Islamik.
  • Ki sa ki esplike yon gwoup moun andan peyi-a gen aksè avèk nimero kont bankè moun, konsa yon konnen konbyen kòb ke ou genyen labank. Ki sa ki esplike bandi swiv yon moun osito ke li sot fè yon tiraj labank—Mezanmi sa pa peyi! Tout sa yo se bagay ki mande yon seri evalyasyon mantal pou moun kap dirije espas sa yo.
  • Ki sa ki bay Senatè ak Depite dwa pou yo ap fè gagòt ak lajan peyi-a. Demantle pak an pak bwat leta yo. Ki sa ki esplike yon senate ou byen yon depite swadizan ap jelifere lwa nan peyi-a ap rine e detwi peyi-a nan distribisyon zam ak konfyolo gwoup gang. Se vre yap lonje dwat sou yon senate ak depite nan zafè gang; men nou pa kapab detache oubyen bliye ki kantite senatè ki envòlv nan yon seri tranzaksyon ke nasyon an poko jamen konnen. Anplis, twa ka senate ak depite fè fòtunn yo nan vye bagay louch, entèpelasyon, tranzaksyon ak yon seri swadizan konpayi ki pa menm genyen yon ti kal respè pou pèp ayisyen an; sa vle di yo trete nou anfonksyon ofisyèl sa yo chita avèk yo pou sabote peyi nan vye enterè pèsonèl ak delivwe sèvis san kalite nan peyi-a (egzanp: Natcom ak Digicel). Mwen garanti-w, yo pa kapab fè sa oken lòt kote nan Karaib-la. Se malere, menm nan ti zònn ki pa menm “peyi” nan Karaib-la, responsap koloni sa yo òganize yo pou yo bay lakay yo yon minimòm gouvènabilite.
  • Ki sa ki pèmèt yon senatè ou yon depite konnen li oke pou li ap aksantye sou salè minimòm, pandan setan li pa vle aplike-l nan biznis li.
  • Ki sa ki esplike yon senatè genyen yon gwo endistri dlo alòske li pa ka jwenn yon enstans ki gen nen nan machwèl pou ta mennen envèstigasyon serye sou byen moun sa yo ni avan ni apwè nominasyon yo nan bwat leta.
  • Ki yès ki bay yon senatè dwa pou tout bwat leta yo nan peyi ak lòt bò dlo chaje ak mennaj, boubout, fanmiy, pitit, ti mennaj ak zanmi.
  • Ki sa ki anpeche jounalis mete metye-a nan yon nivo pwofesyonèl san pou otan yo pa vann ak ipoteke integrite metye avèk fich gaz oubyen ti enterè mesken.
  • Ki sa ki anpeche katryèm pouvwa detèmine pou pa bay pasaj a moun ki ap kontribye nan destriksyon peyi sa. Ki sa ki anpeche lapwès pwouve fòs li nan lague koukourouj dèyè politisyen ròròt; jwe wòl yo byen nan dekouraje iresponsab ak enkonpetans; pwomote tout sa ki anfavè sovtaj peyi sa.
  • Ki sa ki anpeche lapwès andan peyi enpoze-l pouf è yo sispann pase lamò Jean Leopold Dominique ak anpil lòt jounalis anba pye.
  • Kòman yon senate oubyen depite menm arive pwan chans ap distribye ti kraze lajan pou kreye klan sou pwetex se devlopman yap fè; alòske sa pa gen anyen pou wè avèk atribisyon yo. Sa esplike efondreman total kapital leta nan peyi-a.
  • Ki sa ki esplike yon senatè, depite, ou yon boujwa sankoutcha kapab akapare fon ONA, epi fè gagòt ak lajan pansyon moun; pandan se tan tout moun sa yo rete nan figi moun toujou san pouswit jidisyè.
  • Ki sa ki ta anpeche Sen Domeng anvayi lakay koulya? E ki sa ki ka anpeche-l okipe Ayiti nan pwodiksyon alimantè, sante, ak lekòl; pandan se tan se lakay li nou ale pwan tout sèvis sa yo.
  • Ki sa ki pèmèt politisyen afè pa bon nou ye ap kritike Ameriken alòske tout pitit yo ap etidye lakay toton Sam e yap fòse e ofri-l peyi moso pa moso.
  • Ayisyen an al chèche lavi nan Sen Domeng; yo itilize konesans li sou agwikilti epi menm pwodwi sa yo, yo voye vann yo lakay li ankò. Sa fè wont! Pèp la gen kouraj ak kreyativite pou-l travay men li pa genyen lidè ou politisyen fòme.
  • Lè wap gade enòmite krim kap fèt andan peyi, ki sa ki anpeche moun kap fè lwa andan peyi retounen avèk pènn de mò, tankou li fèt nan yon pakèt lòt peyi. Li ridikil lè yon bandi touye yon pakèt moun nan kafou Fèy epi kondanasyon-l se senpleman prizon avi ak travo fòse. Pandan setan, menm òganizasyon swadizan kap defann dwa kriminèl yo pa jamen inisye pwogram prevensyon ki gen nen nan machwè e ki kapab anpeche dwòg, aktivite gang, chomaj ak anpil lòt pati ak bonnanj jènn nou yo. Antouka, si pa gen dezòd, sanble yo pap kapab jwenn fon pou fonksyone!
  • Ki sa ki anpeche yon gwoup fanmiy jwenn jistis lè neglijans yon famasi koz yon pakèt ti inosan ti moun mouri kòm si sa pa anyen.

Jacob Bendallahm, Triboland

Leave A Reply