Yo dekouvwi nan peyi Angletè dives pyès lajan romen ki te egziste jis apwè Néron te touye tèt li

0 278

ANGLETÈ__(Triboland) Yo apènn mete an piblik dekouvèt yon nich pyès lajan nan Edge Hill nan mitan Angletè. Lajan sa yo date depi lan 68 jiska 69 apwè J.K.. Yo se pyès lajan ki temwanye lane 4 emperè, yon peryòd guè sivil apwè rèy Neron.

Pami ja sa yo, yo jwenn apepwè 440 pyès lajan ki pwensipalman se…. ki te konsève e yo jwenn nan yon kanari pandan aktiviti akeyològ nan ane 2015.

Dave Reilly, ki se konseye pou patrimwann ak kilti pou zònn Warwickshire exprime kontanman li lè li deklare “Dekouvèt sa, trè enpòtan pou konesans istorik sou prezans oubyen pase Wòm nan peyi Angletè. Objektif pwensipal mwen koulya, se wè kòman mwen kapab arive expoze nan je piblik la tout temwanyaj sa yo sou antikite nan muze Hall Market nan Warwick. Konsa, sa ap kapab debouche sou yon fòs atraksyon touristic kap bon pou peyi nou an”.

Se sèten pyès lajan women sa yo te entwodwi nan yon kontex refòm monetè ki tap antrepwann sou dominasyon Ogust nan lan 19 avan J.K., ki ta sanble fèt nan lane ke yo konsidere kòm lane 4 emperè: (Vitellius, Othon, Galba ak Vespasen), yon peryòd laguè sivil ki tap sakaje empir-la apwè ke Neron te fi-n touye tèt li 9 Jwen 68.

Credit photo: national geography


Leave A Reply