Si ou genyen pwoblèm pou-w domi, fè ti trik sa e wap sezi wè sak pase

0 645

(TRiboLAND) Anpil moun, sitou sa yo kap viv nan vil yo soufri anpil ak pwoblèm somèy. E rezon pwensipal-la toujou genyen pou wè avèk stress. Omònn stress yo se pi gwo baryè ki anpeche yon moun benefisye yon bon nwit tèt poze. Manke somèy gen anpil konsekans grav sou kò ak espwi moun. Kò fizik-la kapab dejenere e eskperyans twoub mantal pap pwan tan pou manifeste. Gen moun ki eseye dòmi pandan lajounen, men sa pa tèlman travay, okontrè sa vinn pi dejenere. Gen lòt tou ki oblije pwan trankilizan oubyen aditif chimik ki kapab satisfè pwosesif somèy-la. Gras a Dye, genyen yon ti trik trè senp e efikas ki pèmèt viktwa fèt sou somèy.

Solusyon an pa lòt bagay se melanj yon konpozisyon sik avèk sèl. Malgre sa parèt yon bagay senp, men li trè efikas. E 2 engredyan sa yo fasilite regilasyon omònn stress yo kòm chajè pou selil yo. Anplis, yo ede regularize enèji kò-a ak sistèm respiratwa-l. Sik la tou, bay kò-a sinyàl yon fason pou li pa devlope tròp omònn stress, tandi ke sèl la kontwole nivo adwenalinn lan. Me reset somèy-la!

  • 2 kiyè akafe sik wouj natirèl
  • 5 kiyè akafe siro myèl grennen
  • 1 kiyè até gwo sèl natirèl

Melanje tout engredyan sa yo nan yon ti sachè plastic e sekwe li byen jiskaske li byen melanje. Mete yon kiyè akafe poud sa anba lang ou avan ou ale dòmi oubyen pandan lannwit. Ki te li fonn anba lang ou e li pawl aji rapid nan san ou. Se sèlman sa wi! Wap sezi wè ki rezilta sa bay!

Leave A Reply