Florid: Yon jènn ti gason rele 911 e deklare li grangou

0 532

Yon ti gason nan Sandford, Eta Florid rele 911 (polis e emèjennsi linn) pou fè konnen ke li grangou e li vle manje yon pizza; konsa li te tou pwofite apwann yon leson nanki sitiyasyon yon moun dwe fè 911 e li benefisye tou yon pate an kwout.

Depatman polis Sanford sou kont facebook li repòte ke jènn ti gason an ki se yon ekolye rele 911 Vandredi pase. Twa ofisye te oblije ale lakay li bonnòm ki te grangou-a.

Gran sè ti gason an deklare bay ofisye yo ke yo oke e ke ti fwè li te itilize telefònn nan san pèsònn pat konnen. Ofisye yo te tou pwofite edike jènòm ki lè li enpòtan pou yon moun rele 911; nimero sa fèt pou emèjennsi sèlman. Finalman ofisye yo te pwan wout yon restoran pizza, kote yo achte yon pizza ansanm avek yon pate an kwout pou tigason.

Leave A Reply