Ou dwe genyen lanmou nan ou avan pou ou genyen espwa!

0 416

Lè nou te tou piti, nou te toujou apwann  ke nou dwe depann de lòt moun pou nou jwenn tout bagay pwimè ke nou bezwen nan vi-a. Lè nou arive chòv oubyen mazora e enkapab, li vreman ta dwe konsa!

Men lè nou vinn genyen matirite, nou dwe apwann genyen abilite pou nou sipòte e renmen pwòp tèt pa nou. Yon moun ki byen ekilibwe e pwodiktiv toujou apwann renmen pwòp tèt pa li. Renmen tèt ou pa gen anyen pou wè avèk egois oubyen yon moun ki wè tèt li sèlman.  Li tou senpleman vle di ke ou asèpte tèt ou pou sa ou ye-a; li vle di ke ou pare pou mete pye-w an avan menm lè pye-a kapab twò gwo. Renmen tèt ou vle di ke ou asèpte responsab pwòp devlopman-w, kwasans ou ak bonè ou. Konsa, li vle di ou etabli yon standa nan ki fason moun dwe trete-w. Renmen tèt ou vle di asèpte potansyalite-w oubyen fe blès ou pandan wap pwan angajman pou konstwi e korije tout sa ki bezwen fèt.

Lè ou renmen tèt ou, ou fè chemen pou tout sa ou vle oubyen bezwen vinn sou ou nan bon tan e nan yon mèyè fason.

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply