GONAIV: Majistra Neil Latortue jete baz konstwiksyon yon bibliyotèk kominal ak tout yon muze

0 289

GONAIV__(Triboland) Majistra pwensipal kominn Gonaiv la, Mesye Neil Latortue jete baz konstwiksyon yon bibliyotèk kominal ak tout yon muze nan yon espas ki anndan pwizon sivil ki nan jiridiksyon plas dam Gonaiv la.

Daprè enjenyè Reginald Jean-Baptiste, pwojè sa ap koute 8 milyon goud Lesko e lap fini nan yon entèval si mwa konsa.

Senatè Youri Latortue ki tap patisipe nan seremoni demaraj yo te pwan anpil swen pou esplike ap gen yon premye vèsman 2,000,000 goud kap sòti nan pwòp fon pòch li ansanm ak Meri-a e lèzòt.

Konsa Majistra Neil Latortue te fè sonje ke tout inisyativ sa yo antre nan kad pwomès kanpay.

Leave A Reply