Pòdpe: Reprezantan leta yo vle mete yon bout nan aktivite vann gaz ilegal nan vil la

0 353

03-05-2019

PODPE__(Triboland) Se jodi-a avètisman pakè Pòdpè a ki mete tout moun sou pinnga pou kanpe aktivite vann gaz nan galon ak nan dwum ap antre anvigè. Nòt pakè tribinal sivil Pòdpè a mete angàd tout bisnisman ou byen enstitisyon raketè ki deliberaman ap mete vi popilasyon an pi andanje nan fason yo ap jere biznis gaz la nan mitan yon vil ki pa genyen absoluman oken rekou anka ensandi dife.

Pwolifirasyon aktivite gaz nan gallon, sou kote, nan dwum, nan boutèy se youn nan pi gwo defi male pandye responsab yo (Delegasyon Nòdwès, PNH, Jistis de Pè, Dekana tribinal Premyè Enstan Pòdpè) ap fè fas nan vil Pòdpè sitou gen konplisite gwo chabwàk nan vil la kap egzèse pouvwa danse kole ke yo genyen avèk gouvènman anplas nan fè biznis demode, san strikti, san regilasyon, san sousi pou sekirite piblik nan yon vil ki deja genyen pou kòl.

Pandan ke nap swiv efò responsab leta yo pou kwape vye fenomènn bidon e aryre sa; dout pa sispann plane sou desizyon sa lè ou konpwann genyen otrefwa anpil desizyon konsa pa janm respekte e ateri.

Leave A Reply