Jovenel Moise ak Madanm li Martine Moise vizite plizyè machann nan Komenn Petyonvil

Pòtopwens__(TRiboLAND) Pwezidan Jovenel vizite jodi Jedi 3 Oktòb 2019 la Petyonvil ansanm avèk madanm li Martine Moise. Objektif vizit pap padap sa te antre nan kàd pou bay sipò moral bò kote yon seri ti machann nan Komenn nan ki san dout te afekte nan dènye sekous manifestasyon ki te paralyze ou sakaje sèktè komès la. Kontrè a sa moun te panse, koup pwezidansyèl la te desann kòtèj la e mache apye ak tèt fwèt pou ale salye ti machann yo ki te sou ri panamerikènn nan.
Sepandan anpil moun tou panse yon parèy visit vize pou ridikilize ou pòte yon demanti fòmèl kont rimè san fwa ni lwa ki ta vle fè kwè ke chèf deta-a nan mawon e li konplètman dezangaje de wòl li kòm chèf peyi-a ki kontinye ap asire majistrati leta-a.
Jovenel ki te genyen kèk patizan li ki tap aklame li e denonse opozisyon an kap chèche pwovoke yon basen san nan peyi-a.






