TRIBO EXPRESS, ACTUALITÉS NATIONALES – 29 NOVEMBRE 2026

11/29/2026
Pòdpe lanse operasyon kont lavant gaz ilegal : Meri a ak plizyè otorite anonse mezi pou pwoteje popilasyon an
Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon demach ki vize ranfòse sekirite ak pwoteje lavi sitwayen yo, Mèri Pòdpè, ansanm ak Delegasyon Depatmantal la, Vis-Delegasyon an, Pakè Pòdpè, Direksyon Depatmantal Lapolis Nasyonal d Ayiti (DDPNO-PNH) ak Direksyon Depatmantal Ministè Komès ak Endistri Nòdwès, anonse yon dispozisyon pou mete fen nan pratik lavant gaz nan lari ak depo ilegal gaz nan tout teritwa komin nan. Daprè yon kominike ki pote siyati diferan responsab enstitisyon sa yo, dat limit pou premye entèvansyon an fikse pou lendi 30 novanm 2026 la.
Daprè kominike a, desizyon sa a antre nan kad mezi prevansyon ak pwoteksyon lavi moun ak byen yo. Nan sans sa a, fòs lòd yo pral ranfòse kontwòl yo, sezi gaz ki estoke yon fason ilegal epi pran mezi legal kont tout moun ki enplike nan pratik sa yo. Otorite yo vle konsa atake yon aktivite ki kapab reprezante gwo danje pou sekirite popilasyon an, sitou nan espas kote gaz ap estoke oswa vann san respekte dispozisyon ki nesesè yo.
Nan kominike a, responsab yo fè konnen se yon apwòch ki chita sou prevansyon, responsabilite ak ranfòsman kapasite entèvansyon lokal yo. Yo raple tou otorite yo pa dwe tann yon katastwòf rive pou yo pran mezi sekirite. Se nan menm lojik sa a yo lanse yon apèl pou tout sitwayen konprann pwoteksyon lavi moun ak byen yo se yon obligasyon kolektif. Atravè operasyon sa a, otorite lokal yo vle mete plis lòd nan komès gaz la epi diminye risk aksidan ak lòt dezas nan komin Pòdpè.
Sauveur Dargenson, anpil moun konnen sou non Ton Bibi, mouri nan Pòdpè
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Sauveur Dargenson, anpil moun konnen sou non Ton Bibi, rann dènye souf li jodi samdi 28 novanm 2026 la, aprè plizyè ane ap lite ak yon maladi. Ant prezans li nan aktivite foutbòl ak travay li nan Meri Pòdpè, Ton Bibi te rive tounen yon pèsonalite byen koni nan Site Kapwa Lamò a, e menm nan plizyè lòt zòn nan depatman Nòdwès la. Disparisyon li make yon nouvo paj tristès nan mitan popilasyon pòdepèzyèn nan.
Depi plizyè ane, Ton Bibi t ap fè fas ak gwo pwoblèm sante ki te gen rapò ak maladi sik. Maladi sa a te lakòz li pèdi toude pye li, anplis li te vin avèg. Malgre tout difikilte sa yo ak anpil efò li te fè pou kontinye kenbe fèm devan maladi a, li finalman pa rive reziste. Lanmò li kite dèyè anpil souvni lakay moun ki te konnen li, sitou moun ki te konn kwaze wout li nan divès aktivite li te konn patisipe ladan yo.
Nan mitan anpil souvni popilasyon an ap konsève sou Ton Bibi, gen kout klakson li te konn bay nan divès katye nan vil la pou avèti moun yo lè machin fatra Mèri a ap pase. Yon abitid ki te fè anpil moun rekonèt prezans li byen fasil. Jodi a, vwa ak kout klakson sa yo ap rete nan memwa anpil Pòdepèzyen kòm yon pati nan lavi chak jou yo. Popilasyon an ap salye depa yon figi ki te make lavi kominotè vil la. Ale anpè, Ton Bibi!
Deux jours d’échanges pour améliorer le suivi des affaires judiciaires
Le CSPJ et le ministère de la Justice haïtien, avec l’appui de la Mission des Nations Unies d’appui à la justice en Haïti (MINUJUSTH), organisent deux jours de consultations entre leurs structures respectives d’inspection judiciaire. Les échanges visent à clarifier leurs mandats et leurs rôles, à comparer leurs modes de fonctionnement et à examiner les défis auxquels elles sont confrontées. Davantage de coordination permettrait de mieux harmoniser les pratiques, d’améliorer le partage de l’information et le suivi des affaires. Cette initiative s’inscrit dans un effort plus large visant à professionnaliser la justice et à renforcer à la fois la redevabilité publique des institutions judiciaires et la confiance en celles-ci.
Une future cassaverie pour valoriser la production locale à Ouanaminthe
Oanaminthe, Haiti_____(TRiboLAND) Jardin botanique de Ouanaminthe (JBO) remercie Son Excellence Alexandre Côté, Ambassadeur du Canada en Haïti, Mme Janelle Deniset et les autres membres de la délégation de l’ambassade. Ils ont tous assisté à la cérémonie de pose de la première pelle de terre pour la future usine de transformation du manioc du JBO.
La visite est d’une importance particulière pour l’institution, car elle affirme que ce projet reflète une large part de l’espoir nourri pour sa communauté. Cette usine de transformation du manioc devrait améliorer la valeur ajoutée de la production agricole locale, donner aux femmes les moyens de s’autonomiser sur le plan économique et renforcer le développement durable dans la région du Nord-Est d’Haïti.
À Jacmel, un forum pour réfléchir à l’avenir de l’université
Le 27 novembre 2026, Jacmel a accueilli la première édition de son Forum universitaire. Dès la première journée, de nombreux étudiants, enseignants, chercheurs et autres acteurs du milieu universitaire se sont réunis dans une ambiance chaleureuse et dynamique. Les échanges ont porté sur les défis de l’enseignement supérieur et les pistes à explorer pour son développement. Prévu jusqu’au 29 novembre, le forum offre aux participants un espace pour partager leurs expériences, confronter leurs idées et réfléchir ensemble à l’avenir de l’université.
Haïti : Bukele appelle les groupes armés à déposer les armes et menace de durcir la réponse
Des groupes armés haïtiens, qui ont refusé de s’affronter directement aux forces de Bukele, ne s’en prennent qu’à des civils faciles. Il les exhorte à se désarmer, à abandonner les gangs et à libérer vivants les quatre ingénieurs de l’aéronautique salvadoriens portés disparus depuis leur attaque du 18 octobre à Croix-des-Bouquets. De son côté, les forces salvadoriennes se retireraient d’Haïti. Toutefois, Bukele prévient que la réponse sera probablement plus difficile si les équipes ne se rangent pas derrière son appel.
Port-au-Prince : les efforts d’assainissement s’intensifient au centre-ville
Dans le cadre de son souhait de réhabiliter les espaces publics en vue de la reprise progressive de la vie dans le centre-ville de Port-au-Prince, plusieurs opérations sont encore menées au rond-point de la Bicentenaaire par le ministre Charles, avec des agents de la mairie.
Lorsque la météo le permet, ces efforts peuvent également s’étendre à d’autres zones. Ils visent à faciliter le fonctionnement des environnements urbains, en déployant des stratégies pour de meilleures conditions de vie pour leur population, et en permettant de récupérer plus facilement des espaces.
En attendant, les forces de sécurité poursuivent leurs opérations contre les groupes armés afin d’inciter les familles à revenir et à reprendre leurs activités. Chaque passage du balai dans un vieux quartier, chaque rue dégagée, chaque classe redémarrée ramène, un peu plus, le travail de la vie collective.






