Minis Jistis, Mèt Patrick Pelissier mande pou lajistis pouswiv e mete nan prizon tout avoka ki nan rezo vòlè tè avèk kay

11/24/2026
Jakmèl, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon deklarasyon ke li fè nan moman vizit li nan vil Jakmè jounen lendi 23 novanm 2026 la, minis Jistis la, Mèt Patrick Pelissier mete enfaz sou nesesite ki genyen pou pouswiv tout malandren malfèktè avoka ki lage nan vòlè tè moun nan fè fo papye.
Minis Pelissier fè deklarasyon sa yo nan moman li tap bay yon ramase de vizit li te fè nan yon seri pwizon nan peyi Salvadò nan kad konstriksyon plizyè sant kaseral anndan peyi Dayiti. Li deklare, pwojè sila ki pat pran anpil tan pou li egzekite, pral fasilite espas adekwat pou kriminèl tout plim tout plimay.
Nan okazyon an, Pelissier pap manke lonje dwat jouda sou yon seri malfèktè avoka ki konstitye yon rezo mafya, kap vòlè kay ak tè sitwayen pezib e moun ki nan dyaspora a. Li mande pou lajistis pa ezite mete yon seri apantè ki al fè apantaj menm lanwit; li ankouraje arestasyon vòlè sila yo ki mete Lajistis ajenou. Kalite malfèktè sa yo, dwe anndan pwizon.
Kidonk, lè yon pakèt malveyan, òganize yo pou yo fè fo papye pou al pran bagay lòt moun, sa pa yon afè sivil, men se yon pwoblèm sekirite piblik. Avoka, se yon pwofesyon ki mache avèk etik ak dewontoloji; wòb ke yo pote a imakile, li senbolize pwòpte. Konsa, yon avoka vòlè ki nan tout bwiganday sa yo, pa dwe kalifye pou pote yon parèy wòb; atan ke vòlè, nap trete yo tankou vòlè, dapwè minis Jistis la, Patrick Pelissier ki tap kase nan men avoka eskanmòtè ki lage nan vòlè tè ak kay atravè peyi Dayiti.






