Jakmèl mete fen ak seszon kanaval 2026 la nan boule Madigra mal maske

170
0
Share:
TRiboLAND

02/18/2026

Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Nan fen 3e jou gra a, nan lannuit madi 17 pou louvri mèkredi 18 fevriye 2026 la, Meri Jakmèl ansanm ak komite kanaval la, an prezans plizyè dizèn moun boule madigra a, jan tradisyon an mande l. Zak sa a make fen ofisyèl aktivite kanaval yo pou ane 2026 lan.

Boule madigra a se yon senbòl nan kilti kanaval la. Li reprezante fèmen sezon fèt la, yon moman kote tout eksitasyon, plezi ak aktivite kiltirèl yo rive nan bout yo. Se yon seremoni ki konn fèt ak mizik, foul moun ak anpil emosyon.

Nan Jakmèl, tradisyon sa toujou kenbe fò, paske kanaval la gen yon gwo valè istorik ak kiltirèl pou popilasyon an. Boule madigra a se pa sèlman yon zak senbolik, men li montre tou pasaj ant moman fèt la ak retou nan lavi nòmal chak jou.

Share:

Leave a reply