Ajan BIM yo mare kou krab 4 prezime bandi Viv Ansanm sou Waf Tigwav la.

124
0
Share:
TRiboLAND

11- 22 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Ajan brigad entèvansyon motorize (BIM) entèpele 4 prezime gang kriminèl Viv Ansanm nan lannwit vandredi 20 pou louvri samdi 21 novanm 2026 lan. 4 prezime bandi sila yo, jwen arestasyon yo, nan moman Lapolis t’ap fè yon fouy lago kache sou pasajè k’ap desan’n bato soti Pòtopwens sou waf Tigwav la.

Aprè arestasyon pwezime bandi sila yo, responsab Komisarya Tigwav la, mesye Herard Joseph pat pran tan pou te transfere sangwen kriminèl yo nan gran prizon Pòtopwens pa bato.

Li enpòtan pou nou raple’w, soti jounen vandredi 20 pou rive samdi 21 novanm 2026 lan, lapolis nan Tigwav mete anba kòd 7 prezime bandi sansal ki tap tante travèse lizyè, pami yo te genyen, yon polisye ki rele Beauzil Abson ki fè pati 37èm pwomosyon PNH la ki afekte nan kò BIM.

Antouka, Lapolis lokal nan Tigwav mobilize pou atrap ou tann pèlen pou bandi kap vòltije kouri kite kapiatal la, e li renouvle detèminasyon pou garanti sekirite piblik nan rejyon an.

Share:

Leave a reply