Nòdès : De jèn gason pèdi lavi yo nan yon terib aksidan sikilasyon sou Mòn Kas

65
0
Share:
TRiboLAND

11/22/2026

Nòdès, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dram sikilasyon fèt nan zòn Mòn Kas, sou Wout Nasyonal #6 la, jounen samdi 21 novanm 2026 la. De jèn gason mouri nan yon terib aksidan ki kite popilasyon an nan tristès. Daprè premye enfòmasyon ki disponib yo, viktim yo t ap soti Fòlibète nan moman trajedi a te rive.

Selon enfòmasyon yo, de jèn gason yo te sou yon moto nan moman yo te fè kolizyon ak yon machin sou wout la, nan zòn Mòn Kas. Enpak kolizyon an te lakòz gwo konsekans, kote de mesye yo pa t rive chape anba aksidan an e yo pèdi lavi yo.

Pou kounye a, detay sou sikonstans egzak aksidan an, idantite viktim yo poko disponib. Dram sa a mete aksan yon lòt fwa ankò sou danje ki genyen sou wout nasyonal yo, sitou nan zòn ki prezante gwo risk pou sikilasyon an.

Share:

Leave a reply