Kèk semènn avan fèt Imakile Konsepsyon, vil Pòdpè ap naje nan salte

504

Samdi 23 Novanm 2019

Pòdpè___(TRiboLAND) Vil Pòdpè apwè yo finn retire adoken yo ki te egziste depi sou ansyen prezidan lavalas la Jean Bertrand Aristide, rantre vil la tounen yon letan dlo kote moun ki swadizan di yo se otorite nan vil sa-a rete bèkèkè.

Nan semenn sa-a popilation an nan zònn anba lavil soti nan silans; yo koupe wout Gran Savann nan ki se pwensipal rantre vil la; yo egzije leta a pou pwan bonjan mezi pwese pwese ak fè netwayaj nan wout la paske yo se moun tankou tout moun. Yo adrese yon mesaj avèk otorite malpwòp yo nan peyi isit pou mande yo sispann trete yo tankou zannimo.

Nan yon moman kote fèt imakile konsepsyon pweske rive, gen anpil dout ki plane nan mitan kèk sitwayen nodwezyèn ki kwè se sèl yon mirak ki pou ta opere pou ta pèmèt vil la tounen nan eta nòmal li. Fèt Imakile Konsepsyon rive, rantre pwensipal vil Pòdpè tounen yon Basen labou kote se kochon kap benyen la dann.Tout veyikil taksi moto, machinn, gro pwa lou se nan labou sou chan avyasyon an yo pase, se la tou avyon ap desann chak jou Bondye mete san nou pa bliye elèv lekòl ki pa sispann viktim anba men chofè taksi moto yo.

Pou anpil moun se plis yon gro malè ki pandye sou tèt moun Pòdpè, alòske otorite yo plis kontante yo afiche enkonpetans ak medyokrite fas a yon vil ak yon popilasyon ki andanje.

Fèt Imakile Konsepsyon pou ane sa-a, ap yon fèt espesyal kap fete nan yon konteks salte, malpwopwete, mizè nwa, banditism, ensekirite, enflasyon espesyal nan mitan  divès chato dekorasyon pil fatra ki pa entèpele konsyans dirijan ak sitwayen ki pa sispann domi kole ak salte nan site kapwa Lamò-a.

Jehrbson Petit, TRiboLAND

Comments are closed.