Yon group bwigadye kap reziste kont aktivite gang nan Lyankou, vide atè 6 koure sangwen baz Gran Grif.

839

07-30-2023

Lyankou, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon group resistans ou bwigad vijilans boukante gwo batay ak manm baz gang “Gran Grif” yo, yèswa nan zòn Chandèl nan Lyankou, depatman Latibonit. Batay la ki te kare, toupre zònn Mowo Dwèt, okazyone 6 koure sangwen nan kan gang yo bwè dlo bouch yo samdi swa 29 jiyè 2023 a.

Rezistans bwigadye Chandèl yo te pran chè, alòske yo arive repouse plizyè atak manman penba gang sangwen yo ki tap eseye chape poul yo.  Plizyè koure tonbe, e bwigadye yo arive pran nan pèlen 3 nan yo tou vivan ki ta pral enskri nan pwogram Bwa Kale a, ansanm avèk yon lòt ki tap fè kou rèd ak lanmò nan moman li tap bay anpil san.

Nap sinyale, bwigadye yo arive sezi egalman 4 motosiklèt gang yo. Se yon veritab eksplwà bò kote group sila kap reziste kont gang yo nan Lyankou. Konsa, yo detèmine pou kase pari tengal pou tengal ak sangwen Gran Grif yo, nan depatman Latibonit lan.

Comments are closed.