Pòdpè : Sipòtè Fòs Nou ak Paul Eli Faustin pran lari pou salye operasyon Prezidan Bukele kont gang yo

121
0
Share:
TRiboLAND

11/17/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè dizèn moun, sou lidèchip mouvman politik Fòs Nou ak alye li yo, anba direksyon Paul Eli Faustin, pran lari nan vil Pòdpè jodi madi 17 novanm 2026 la pou manifeste sipò yo ak mouvman an ansanm ak Prezidan salvadoryen an, Nayib Bukele, parapò ak gwo operasyon sekirite li lanse nan peyi Dayiti depi plizyè semèn. Manifestan yo di yo apiye inisyativ sa a ki vize derasinen gwoup gang ame k ap simen laterè nan peyi a depi plizyè ane.

Pami patisipan yo, te gen plizyè moun ki soti nan divès kwen nan depatman Nòdwès la, ki vin nan Site Kapwa Lamò a, ki se chèf lye depatman Nòdwès la pou fè mesaj yo pase. Daprè divès deklarasyon, yo fè konnen popilasyon Nòdwès la sibi gwo konsekans anba men gwoup bandi sangwen yo, sitou sa yo ki tabli baz yo nan zòn Ti Bwadòm. Yon sitiyasyon ki rann lavi chak jou sitwayen yo difisil, pandan li kontinye menase sekirite moun ak byen yo.

Nan okazyon sa a, manifestan yo lanse yon apèl bay Prezidan Bukele pou l kontinye operasyon kont gwoup ame yo avèk tout rigè, yon fason pou mete fen nan laterè gang yo ap fè moun viv. Yo estime se sèlman atravè aksyon serye ak soutni kont ensekirite a popilasyon an ap kapab reprann konfyans, sikile lib e retounen nan lavi nòmal li. Manifestasyon sa a parèt kòm yon ekspresyon sipò yon pati nan popilasyon Pòdpè a bay operasyon k ap fèt kont bandi yo.

Prizon pou bandi ki dakò pote tèt yo vini, simityè pou sa yo k ap fè rezistans!

Share:

Leave a reply