Yon kamyon ki t’ap transpòte machandiz soti sou waf Tigwav, chavire 6 kawothwou anlè anba Mòn Tapyon.

11 – 17 – 2026
Tigwav, Ayiti ____(TRIboLAND) Yon kamyon ki t’ap transpòte machandiz soti sou waf Tigwav la, chavire 6 kawothwou anlè anba Mòn Tapyon, yon lokalite ki nan 12èm seksyon kominal Dèfoug, Tigwav aswè madi 17 novanm 2026 lan ozanviwon 7: 00 pm konsa.
Kamyon sila a, ki t’ap pran direksyon Leyogan, te chaje kou legba, selon travayè a ki te abò. Li fè konnen se lè kamyon t’ap apwoche Mòn Tapyon, ba direksyon an te sanble li an detrès; konsa, li kale nan mòn lan e se sa ki ta lakoz li chavire tèt nèg, malgre mannèv chofè a.
Kamyon an ki te pote anpil djanni pami yo, bal pèpè, bokit penti, dlo anbale, kawothwou elatriye, yo tout fè loupinn tonbe nan falèz. Sepandan, gras ak mizèrikòd, pa genyen moun ki arive mouri; se sèlman chofè a ki vrèman frape nan tout kò li.
Yon lòt kote, abitan nan lokalite Tapyon ki t’ap obsève aksidan an, pa kache afiche mekontantman yo kont polisye yo, yo di ki kantonnen nan sou komisarya Bònsòlda Tigwav la; yo fè kwè ke se yo menm ki pa fè travay yo ki kite kamyon an pase san enspeksyon jiskaske machinn lan ki te twò chaje, chavire.






