Bandi kriminèl ap fas ak yon seri operasyon sòlda salvadoryen yo nan diferan baz nan zòn Metwopolitèn Pòtopwens lan

90
0
Share:
TRiboLAND

11 – 14 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRioboLAND) Bandi kriminèl yo pa genyen domi nan je depi lè sòlda Salvadoryen yo tanmen seri operasyon nan diferan baz nan zòn Metwopolitèn Pòtopwens. Bandi ame yo, oblije ap kouri kite baz yo nan kapital la pou al kache nan vil pwovens yo, akoz tansyon an cho pou yo.

Konsa, majorite moun nan popilasyon ayisyèn nan, eksprime kontantman yo pou fason prezidan Nayib Bukele alyas Sovèlele ap jere sekirite peyi Dayiti e atake baz malfwa sansal yo avèk fwaka e detèminasyon. Kidonk, yon mouvman ki deja pote espwa pou avni sekiritè popilasyon ayisyèn lan.

Toutfwa, pèp Ayisyen an mande prezidan Bukele pou li kontinye ak mementòm operasyon yo nan objektif pou ede yo ratibwaze sanktyè gang kriminèl yo atravè peyi a; pandan tout sa yo ki viktim gang yo ap ankouraje li pou pa pran pawòl premye minis defakto Alix Didier Fils – Aimé ki ta genyen ramifikasyon gang.

Share:

Leave a reply