Fòs salvadoryèn yo ap trese lèl nan mitan kapital la; aloske van panik pou yon weekend janm tranble pa sispann soufle

86
0
Share:
TRiboLAND

11/12/2026

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Fòs salvadoryèn yo chanje fizi yo depòl; aprè plizyè jou operasyon nan Laplènnyo ap trese lèl jodi jedi 12 novanm 2026 la, jiskaske yo pwogrse nan sant vil Pòtopwens, kapital ayisyèn nan. Nan sans sa, kèk gwo chabwàk ki genyen ladrès nan operasyon militè, deja predi yon evantyèl fas ak pozisyonnman sila ki bay sant yon seri operasyon kap prepare.

Fòs Sovèlele yo, te kapab remake nan blòk Fakilte Medsin ak estad Silvyo Katò, youn pami tèritwa ke gang san sal yo te achte lajan kontan. Anpil moun ta sanble pran yon sant ki pa rete avèk sant. Plizyè sitwayen ki swaf liberasyon peyi Dayiti anba grif gang sapat ak kravat, deja prekonize yon weekend tèt chaje ak tranble janm ki pral pote anpil afeksyon pou sanktyè gang yo.

Malgre sa k’ap pale nan antouraj gang enstitisyonèl ou ONG yo, fòs Sovèlele yo toujou ap opere anba lobedyans Wo Kòmandman peyi Salvadò. Pou evite enfiltrasyon ak ramifikasyon antite ki danse ak gang ou ki ap bay gang tete, yo eksklisivman genyen kontwòl pwòp twoup yo.

Nap raple, selon enfòmasyon ki pa arive verifye, rimè yo ta rapòte ke majorite gang kap kouri chape poul yo, achemine yo nan Kafou; yon sitiyasyon ki lage komin Kafou nan gwo panik.

Share:

Leave a reply