GWOMÒN: YON JÈN GASON DEKAPITE YON MESYE APRE YON DISKIT KI TA GEN RAPÒ AK AKIZASYON

85
0
Share:
TRiboLAND

11/10/2026

Gwomòn, Ayiti _____(TRiboLAND)Yon sèn vyolans grav pase nan lokalite Kamas, ki chita nan 6e seksyon kominal Savann Kare, nan komin Gwomòn, nan maten madi 10 novanm 2026 la. Yon jèn gason ki rele Woudy Mirleon koupe tèt yon mesye ki idantifye sou non Precilien. Daprè deklarasyon Woudy Mirleon fè, zak sa a ta fèt aprè plizyè konfli ant li menm ak viktim nan.

Daprè sa jèn gason an rapòte, Precilien te konn ap fè l sote, sa ki te lakòz li pote plent kont mesye a plizyè fwa. Sepandan, malgre plent sa yo, li fè konnen viktim nan te kontinye ap anmède l. Li ta menm deklare se aprè yon lòt zak anmèdman ki ta fèt nan maten madi a li deside pran desizyon ekstrèm sa a, kote li touye mesye a epi koupe tèt li.

Pou kounye a, Woudy Mirleon deja anba men lapolis, pandan zak sa a soulve gwo enkyetid sou nivo vyolans ak fason kèk konfli pèsonèl ap fini nan san nan sosyete a. Otorite jidisyè ak lapolis gen pou mennen ankèt pou etabli tout sikonstans ki antoure krim nan, pandan li enpòtan pou raple okenn konfli oswa zak anmèdman pa ka jistifye yon zak asasinay.

Share:

Leave a reply