Latibonit : Gwoup teworis “Kokorat San Rat” egzekite yon òmdafè malgre 2 vèsman ranson

527
0
Share:
TRiboLAND

Gwomòn, Ayiti_____(TRiboLAND) Ensekirite a pa sispann bay lawouli nan depatman Latibonit lan. Gro jodi maten lendi 9 jen 2025 lan, popilasyon komin Gwomòn lan leve aba chòk ak gwo janm tranble aprè to te finn apran lanmò òmdafè Elie Limage aprè ke yo te kidnape li ak 2 lòt moun semènn pase.

Se konstènasyon total kapital nan fanmiy biznis lan nan Gwomòn; malgre 2 ranson ke fanmiy òmdafè ou pwopwiyetè otèl la te gentan vèse pou boukantaj liberasyon li. Se konsa, teworis san manman yo, ki genyen ramifikasyon ak gwoup gang sangwen “Kokorat San Rat” malgre tou, egzekite Limage.

Antouka, yon popilasyon ki sou chòk, aprè yon parèy dràm ki plonje sèktè komès la nan pi gwo konstènasyon ak doulè demanjezon. Sepandan, 2 lòt viktim yo toujou rete anba grif teworis yo, selon sa ke nouvèl lokal yo anonse.

Share:

Leave a reply