NÒDWÈS : CCINO ANONSE HUITÈN 2026 LA, UIT JOU POU METE TALAN AK OPÒTINITE DEPATMAN AN AN VALÈ

119
0
Share:
TRiboLAND

11/08/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Chanm Komès ak Endistri Nòdwès la (CCINO), ki gen Jordan Gérard Verdule kòm prezidan, anonse dewoulman Huitèn 2026 la, yon inisyativ ki vize mete an valè potansyèl ekonomik, kiltirèl ak imen depatman Nòdwès la. Aktivite sa a ap dewoule soti 1e pou rive 8 desanm 2026, kote pandan ui jou, divès aktè ap gen okazyon patisipe nan rankont, dekouvèt ak echanj k ap favorize pataj eksperyans ak pwomosyon talan nan depatman an.

Atravè inisyativ sa a, CCINO vle kreye yon espas kote antreprenè, jèn, atis ak lòt sitwayen kapab fè echanj lide, prezante kapasite yo epi reflechi sou nouvo opòtinite pou devlopman ekonomik ak sosyal Nòdwès la. Huitèn nan ap sèvi tou kòm yon okazyon pou ankouraje kreyativite, ranfòse antreprenarya epi mete aksan sou richès ak potansyèl depatman an genyen.

Yon lòt bò, CCINO anonse se apati semèn sa a piblik la ap kapab dekouvri kalandriye ofisyèl aktivite yo. Enstitisyon an lanse yon apèl bay antreprenè, jèn, atis ak tout sitwayen pou yo mobilize epi patisipe nan divès aktivite sa yo. Objektif la se mete tout fòs viv Nòdwès yo ansanm pou fè talan yo briye, fè lide yo pran jarèt epi kontribye nan ekri yon nouvo paj nan listwa devlopman depatman an.

Share:

Leave a reply