PÒDPÈ : PLIS PASE 90 MOUN PATISIPE NAN YON ASIZ SOU DEZAMMAN AK LIT KONT ENSEKIRITE NAN NÒDWÈS

78
0
Share:
TRiboLAND

11/08/2027

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Plis pase 90 moun ki soti nan divès komin nan depatman Nòdwès la patisipe, jodi samdi 7 novanm 2026 la, nan yon asiz ki dewoule nan vil Pòdpè, sou inisyativ Komisyon Nasyonal Dezameman, Demantèlman ak Reyensèsyon (CNDDR), nan tèt kole ak Biwo Entegre Nasyonzini an. Rankont sa a antre nan kad yon seri echanj ak konsiltasyon ki vize mete divès aktè nan sosyete a ansanm pou reflechi sou posiblite ak estrateji ki kapab fasilite pwosesis dezameman an, yon etap enpòtan nan batay kont ensekirite k ap ravaje peyi a.

Pandan divès entèvansyon yo, plizyè patisipan pa t kache mekontantman yo parapò ak fason otorite Leta yo ap jere kesyon ensekirite a. Yo estime Leta gen yon gwo responsablite nan deteryorasyon sitiyasyon an, sitou akoz absans volonte politik ak mank dispozisyon pou tabli bon jan kondisyon lavi pou popilasyon an. Gen lòt entèvenan ki lonje dwèt sou sektè prive a, yo akize kòm youn nan aktè ki ta kapab kontribye nan alimante latwoublay pou pwoteje oswa ranfòse enterè ekonomik yo. Malgre yon sèten nivo dout ak pesimis anvè inisyativ sa yo, anpil patisipan kwè yon pwosesis ki chita sou aksyon konkrè, transparans ak angajman tout sektè kapab bay bon jan rezilta, depi li pa rete nan diskou ak pwomès sèlman.

Plizyè pèsonalite nan depatman an te reponn prezan nan rankont sa a, pami yo komisè gouvènman Jeir Pierre, delege depatmantal la, Arnel Auguste, direktè depatmantal TPTC a, Angelot Oracius, ansanm ak pastè Jean Claude Thervil ak plizyè lòt reprezantan nan sosyete a. Se anba lobedyans Madam Chrisnette Saint Georges, yon vwa byen koni nan laprès ayisyèn, sitou atravè bilten meteyowolojik li prezante sou divès estasyon radyo nan peyi a, seri entèvansyon ak echanj yo te dewoule. Rete pou wè si demach sa a ap rive depase kad konsiltasyon pou l abouti ak aksyon konkrè nan batay kont ensekirite a nan Nòdwès ak nan rès peyi a.

Share:

Leave a reply