Brigàd Sendikal Anti-Kòripsyon anonse 2 joune grèv

2,974

04/29/2022

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan objektif pou proteste kont ensekirite, ratman gaz ak lavi chè anndan peyi a, Brigàd Sendikal Anti-Kòripsyon anonse 2 joune grèv pou lendi 8 rive madi 9 me 2022 a.

Brigàd la ki pa vle rete endiferan devan vag ensekirite yo ki anpire, lanse yon parèy inisyativ nan lide pou egzije leta koupyon an bon jan dispozitif pou konbat group gang sangwen ame yo ki pa sispan teworize popilasyon ayisyèn nan.

Anplis, Brigàd la mete egalman anfaz sou lavi chè ak kriz kaburan an ki vinn mete plis gaz sou dife mizèrere atravè peyi a. Konsa, yo mande leta pran kontròl mache gaz la ki andebanday.

Comments are closed.