Fòs Sovèlele yo nan konplisite ak Gadkòd Ayisyèn arive mare kon krab gwo chèf gang sangwen kriminèl “Kenken”

98
0
Share:
TRiboLAND

11/06/2026

Nan kad zatrap anlè, atè ak sou dlo sale ke mouvman Nayib Bukele a tann pou konbat gang yo nan peyi Dayiti, fòs salvadoryèn yo ki kòmanse bay anpil espwa, arive mete men sou yon gwo chèf gang koure ki pote non Jean Saint-Louis alyas “Kenken”.

Yo poze lapat sou kriminèl sanginè ou tèworis Kenken anro dlo sale nan moman li tap tante travèse lizyè an direksyon Bahamas. Yon parèy kout nas arive fèt gras ak yon operasyon marasa ant Gadkòd Ayisyèn ak pèsonèl militè salvadoryen yo.

Fòs lòd yo, apwè yo te finn kaptire Kenken, yo te retounen avèk li sou tè, yon fason pou li al fè fas ak yon seri akizasyon tèt chaje tout kalite. Anpil moun ta swete wè yo mete chak gang yo pran yon kote, yon fason pou yo pa janm fè sa ankò pou letan e pou letènite. Ou byen, eske Bukele ou Sovèlele genyen yon plan pou transpòte yo pa makònn nan diferan sant kaseral gang yo atravè peyi Salvadò?

Share:

Leave a reply