Grandans: Timoun nan yon lekòl nasyonal ap aprann anba prela, pandan lajan FNE ap fè pale anpil

64
0
Share:
TRiboLAND

11/06/2026

Grandans, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan dezyèm seksyon kominal Voldwòg, nan komin Jeremi, depatman Grandans, timoun nan yon Lekòl Nasyonal ap resevwa edikasyon anba prela, nan kondisyon ki lwen sa yon anviwònman aprantisaj ta dwe ye. Anba yon chalè ki rann espas la prèske ensipòtab, ti elèv sa yo ap eseye aprann, malgre mank enfrastrikti ak kondisyon minimòm ki nesesè pou yon bon jan ansèyman. Yon sitiyasyon ki soulve anpil kesyon sou responsablite otorite konsène yo, sitou lè se avni tout yon jenerasyon k ap jwe.

Pandan timoun sa yo ap sibi move kondisyon sa yo, gen anpil vwa k ap denonse gaspiyaj ak move jesyon lajan Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) a. Se yon fon ki, pami lòt objektif li, la pou kontribye nan konstriksyon, reyabilitasyon ak amelyorasyon enfrastrikti lekòl nan peyi a, gras ak kontribisyon tankou dola 50 dyaspora ayisyen an peye sou sèten transfè lajan. Yon lajan nan fason otorite yo ap gagote deja fè ULCC fè plizyè rapò. Sitiyasyon sa a relanse deba sou transparans, responsabilite ak bon jan itilizasyon resous finansye ki ta dwe sèvi pou amelyore kondisyon edikasyon nan peyi a.

Si Nelson Mandela te deklare edikasyon se zam ki pi pwisan yon moun ka itilize pou chanje mond lan, reyalite timoun nan Voldwòg yo montre jan neglijans ak move jesyon kapab transfòme espwa an dezespwa. Jounen jodi a, olye timoun sa yo jwenn yon lekòl ki diy pou yo, se anba prela cho yo oblije pouswiv rèv yo. Kesyon an rete poze: Jiska kilè otorite yo ap kontinye vire do bay kondisyon aprantisaj timoun peyi a, pandan resous ki ta dwe sèvi pou konstwi avni yo ap fè fas ak akizasyon gaspiyaj ak move jesyon?

Share:

Leave a reply