Ansyen majistra eli komin Tigwav la, pa dakò ak yon seri sitwayèn ak sitwayen ki al retire pyès yo nan vil Miragwan.

32
0
Share:
TRiboLAND

11 – 05 – 2026

Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Ansyen majistra eli komin Tigwav la, Jean Samson Limongy, nan yon interview ak laprès jounen mèkredi 04 novanm 2026 lan, pa dakò ak majorite sitwayèn ak sitwayen nan 2èm seksyon kominal Tigwav ki al retire kat idantifikasyon Nasyonal yo nan biwo vil Miragwàn ki twouve li limitwòf depatman Lwès ak Nip.

Ansyen majistra a, deklare se derespektan, e se yon trayizon lè genyen yon seri sitwayèn ak sitwayen nan popilasyon 2èm seksyon ki deside al retire pyès yo nan vil Miragwàn . Pou ansyen majistra Limongy, se yon dwa sitwayen yo genyen pou yo al fè pyès nan vil Tigwav; men sepandan li pa nòmal pou responsab yo nan biwo enstitisyon yo ap repouse moun ki vinn fè pyès yo. Pou li menm, leta peye yo pou bay popilasyon an sèvis; e yon parèy sèvis dwe delivre ak respè youn pou lòt.

Nap fè remake, sitwayèn ak sitwayen yo nan Tigwav, genyen aksè ak biwo ki delivre pyès idantite sa yo; tankou direksyon jeneral enpo (DGI), imigrasyon, emigrasyon epi ofis nasyonal idantifikasyon (ONI).

Share:

Leave a reply