Pòdpe : Premye jou Gede a pase anba yon anbyans ki manke chalè, vodouyizan yo deplore deklen tradisyon an

11/02/2026
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Kòm sa fèt chak ane, plizyè vodouyizan ak lòt sitwayen te fè deplasman nan simityè Pòdpè pou make premye jou fèt Gede a. Yon tradisyon ki reyini anpil pratikan Vodou chak 1e ak 2 novanm pou rann omaj ak mò yo, fè seremoni ak divès lòt pratik ki makònen ak kilti vodouyizan an. Sepandan, malgre prezans moun yo, aktivite ane sa a sanble pèdi yon pati nan anbyans ak chalè ki te konn karakterize gwo randevou sa a.
Plizyè vodouyizan te prezante devan bawon an pou fè demand yo, pandan yon estand te anplas nan bò simityè a, men konstriksyon li poko fini. Konpare ak kantite moun ki te konn patisipe nan selebrasyon sa a, prezans yo te parèt limite. Daprè kèk obsèvatè, mank planifikasyon bò kote sektè vodou a ansanm ak sa yo konsidere kòm neglijans otorite konsène yo ta kontribye nan pèdi vitalite aktivite sa a. Gen kèk moun ki estime se lendi 2 novanm nan aktivite yo ta ka pran plis anplè.
Plizyè sitwayen ki te prezan nan simityè a pa t kache desepsyon yo, pandan yo t ap deplore yon tradisyon ki, daprè yo, ap pèdi gou chak ane. Yo raple, nan tan lontan, selebrasyon Gede a te konn gen yon anbyans patikilye, avèk divès seremoni ak pratik popilè, tankou moun ki abiye kòm Gede, grouyad Grann Brijit, mete piman nan bouboun yo ak lòt manifestasyon dedouble ki fè pati ekspresyon fèt sila. Antouka, anpil moun swete responsab sektè vodou a ak otorite lokal yo pran dispozisyon pou bay tradisyon sa a plis valè, pou li pa kontinye pèdi plas li nan patrimwàn kiltirèl Pòdpè.






