Basen Ble: Yon apèl pou sove Lekòl Nasyonal Miyon nan Laplat, yon enstitisyon ki fòme plizyè jenerasyon

177
0
Share:
TRiboLAND

10/19/2026

Basen Ble, Ayiti ______(TRiboLAND) Lekòl Nasyonal Miyon, ki chita nan Laplat, premye seksyon kominal Basen Ble nan yon sitiyasyon kritik, ki merite bon jan asistans. Lekòl sa, se youn nan enstitisyon edikatif ki kontribye nan fòmasyon anpil moun ki vin reprezante bèl tèt nan seksyon an. Jodi a, kesyon avni lekòl sa a merite atire atansyon tout moun, sitou abitan Laplat yo, ansyen elèv yo ak tout moun ki konsyan de enpòtans edikasyon nan devlopman yon kominote.

Devan defi lekòl la ap fè fas ak yo, yon apèl lanse bay popilasyon Laplat pou pa rete ap tann Leta sèlman, yon fason pou sitiyasyon an pa vin plis anpire akoz pasivite Leta. Menm si otorite yo gen yon wòl enpòtan pou jwe nan amelyorasyon kondisyon lekòl la, solidarite, angajman ak patisipasyon kominotè kapab kontribye tou pou anpeche enstitisyon sa a pèdi valè li. Lekòl Nasyonal Miyon se yon eritaj kominotè ki merite pwoteksyon.

Se poutèt sa, yon apèl lanse bay tout pitit Laplat, anndan tankou deyò peyi a, pou yo mete tèt ansanm epi chèche mwayen pou bay Lekòl Nasyonal Miyon yon lòt imaj. Objektif la se mobilize enèji, konpetans ak resous tout moun ki kapab kontribye nan amelyorasyon kondisyon aprantisaj yo. Ann pa tann lekòl la pèdi pou nou kòmanse aji; ann konekte, ann mete men ansanm pou nou prezève Lekòl Nasyonal Miyon epi prepare yon pi bon avni pou jenerasyon k ap vini yo.

Share:

Leave a reply