Prezidan katèl enterimè meri Tigwav la, lanse pwojè reyabilitasyon twonson wout Gran ri Tigwav la.

10 – 18 – 2026
Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Ajan egzekitif enterimè prensipal meri Tigwav la, Fedner Admirable Hilaire, nan kad yon slogan “detere pwojè” yo genyen, lanse pwojè reyabilitasyon twonson wout Gran ri Tigwav la jounen samdi 17 oktòb 2026 lan.
Majistra enterimè a, deklare se pa leta santral ni ONG Entènasyonal ki finansye pwojè a, se pwòp efò lameri Tigwav, nan kad yon patenarya avèk yon FIM ki rele ALDA li di k’ap mete beton Idwolik epi lameri ap fè terasman an. Li pwofite kritike kabotaj li estime k’ap fèt sou waf Tigwav la ki kraze twonson wout Granri a epi lage li nan sitiyasyon sa a. Hilaire fè konnen te genyen lajan ki debloke pou te reyabilite wout Granri a, li pa jam rive jwen yon rapò detaye pou di kisa otorite yo nan travo piblik transpò ak kominikasyon fè ak lajan sila a.
Toutfwa, prezidan komisyon kominal Tigwav la, Fedner Admirable Hilaire, mande tout sektè nan lavi lokal la, tout sitwayèn ak sitwayen konsekan k’ap viv nan kominote a, pou pote kole nan fason yo kapab, tankou nan fè don gaz ak siman yon fason pou fasilite lameri reyalize pwojè sila a ak bout zong yo.






