Nòdwès : pwopozisyon yon KONGRÈ NASYONAL KOLEKTIVITE TÈRITORYAL

40
0
Share:
TRiboLAND

Kafe Sivik, vandredi 16 oktòb 2026,

Chè konpatriyòt,
Bonjou!

Gouvènans Lokal Nòdwès,
Bonjou!

Lè nou Gade Konstitisyon 1987 la;

Lè nou gade 5 Dekrè premye fevriye 2006 sou Kolektivite Tèritoryal yo;

Lè nou reflechi sou Arète 28 desanm 2016 sou optimizasyon ak itilizasyon Lajan Fon Jesyon ak Devlopman Kolektivite Tèritoryal yo (FJDKT) ki pa jan’m aplike;

Lè nou konstate ABSANS yon Koòdinasyon Kominal Kolektivite Tèritoryal ant AZÈK, KAZÈK, DelegeVil ak Konsèy Kominal;

Lè nou konsidere ABSANS yon Koòdinasyon Arondismantal Kolektivite Tèritoryal ant AZÈK, KAZÈK, DelegeVil ak Konsèy Kominal;

Lè nou konsidere ABSANS yon Koòdinasyon Depatmantal Kolektivite Tèritoryal ant AZÈK, KAZÈK, DelegeVil ak Konsèy Kominal;

Lè nou konsidere ABSANS yon KOÒDINASYON NASYONAL KOLEKTIVITE TÈRITORYAL ant FENAZÈK, FENAKA, FENADEVI ak FENAM;

Lè nou konstate jan Pouvwa Ekzekitif ak Pouvwa Lejislatif vyole DWA Konstitisyonèl, konpetans politik, konpetans teknik ak konpetans finansyè ak fiskal Kolektivite Tèritoryal yo;

Yon Gwoup Sitwayèn ak Sitwayen nan Nòdwès ak Asosyasyon kap defan’ Dwa Kolektivite Tèritoryal yo pwopoze yon KONGRÈ NASYONAL KOLEKTIVITE TÈRITORYAL

Ki sa :
1) Gouvènans Lokal NÒDWÈS panse?
2) ADANO panse?
3) ADCANO panse?
4) ADVNO panse?
5) AMANO panse?
6) FENAZÈK panse?
7) FENAKA panse?
8) FENADEVI panse?
9) FENAM panse?
10) chak Asosyasyon Depatmantal Kolektivite Tèritoryal panse?
11) Gwoup ESPWA NÒDWÈS panse?

Patriotik salitasyon
Hérard LOUIS
Jenèv, vandredi 16 oktòb 2026

LAVÈY KOMEMORASYON 220e ANIVÈSÈ ASASINA FONDATÈ PEYI NOU,
PAPA Jean-Jacques
DESSALINES

Share:

Leave a reply