Jakmèl : Wout Kamaya, Watapana ak Matadò nan move eta, jèn lidè yo lanse yon apèl bay otorite yo

118
0
Share:
TRiboLAND

10/14/2026

Jakmèl, Ayiti ______(TRiboLAND) Plizyè jèn lidè nan vil Jakmèl, pami yo James Jean Pierre ak Charlemagne Stevenson, pran lapawòl nan mikwo laprès jodi mèkredi 14 oktòb 2026 lan, pou denonse move eta wout ki nan zòn Kamaya, Watapana ak Matadò. Dapre yo, sitiyasyon an vin pi grav sitou lè lapli tonbe, sa ki rann sikilasyon an difisil anpil pou moun k ap viv nan zòn sa yo.

Daprè temwayaj jèn lidè yo, degradasyon wout sa yo gen gwo konsekans sou lavi chak jou abitan yo. Timoun pa ka ale lekòl, pandan machin yo rankontre anpil difikilte pou sikile. Yon sitiyasyon ki mete popilasyon an nan yon veritab kalvè, sitou lè move tan an anvayi zòn nan. Yo estime kondisyon sa yo merite atansyon rapid nan men otorite konsène yo pou fasilite deplasman moun ak machandiz.

Fas ak reyalite sa a, James Jean Pierre, Charlemagne Stevenson ansanm ak lòt jèn lidè yo lanse yon apèl bay Ministè Travo Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) ansanm ak Meri Jakmèl pou yo voye je sou kondisyon wout Kamaya, Watapana ak Matadò. Yo mande otorite yo pran dispozisyon ki nesesè pou amelyore aksè nan zòn sa yo epi soulaje soufrans abitan yo. Ann koute deklarasyon yo.

Share:

Leave a reply